Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini: yon ayisyen vyole yon timoun 14 lane nan yon twalèt

Etazini: yon ayisyen vyole yon timoun 14 lane nan yon twalèt

Etazini: Dumond Châtaigne, yon ayisyen 30 lane, vyole yon tifi 14 lane aprè viktim lan te fin sou nan yon boutèy vodka.

Dumond Châtaigne, yon ayisyen 30 lane jwenn arestasyon nan Sid Florid, Etazini, paske li akize kòm moun ki ta vyole yon tifi 14 lane. Viktim lan rakonte aksyon sa pase 8 novanm lan aprè li te fin sou nan yon vodka misye te achte pou li. Misye ta pral kouche l aprè nan yon twalèt, daprè sa jounal ameriken NBC rapòte.

Nan rapò lapolis, viktim lan rankontre Dumond Châtaigne nan yon McDonald’s epi li ba l 20 dola pou te achte alkòl pou li. Prezime vyolè a achte yon boutèy vodka nan Walgreens epi tifi 14 lane a te ale bwè li nan twalèt McDonald’s la. Viktim lan kontinye pou l di ak lapolis li te santi li sou, tèt li ap vire.

Aprè sa viktim lan te ale nan yon twalèt Starbucks ki nan Lincoln Road, Dumond Châtaigne te swiv li jis nan twalèt la epi touche l nan yon fason dwòl jis li fòse l subi ak seksyèl epi vyole l, daprè eksplikasyon viktim lan ak lapolis.

Kèk zanmi ti pitit 14 lane fè konnen ak lapolis yo konn abitye wè Dumond Châtaigne epi fè konnen li se yon move moun ki toujou ap rakonte pawòl dwòl sou koze sèks ak kolejyen epi liseyen yo.

Châtaigne jwenn arestasyon l 15 novanm pase a aprè yo wè l sou kèk imaj siveyans Walgreens ak Starbucks. Li te parèt nan jedi 16 devan yon tribinal. Kosyon li fikse a 76 mil dola.

Li akize de vyolans obsèn, agresyon obsèn, kontribye nan delenkans yon timoun 14 lane nan fè l bwè alkòl.

Etazini: yon ayisyen vyole yon timoun 14 lane nan yon twalèt

Dekouvri plis:

Canal de la rivière Massacre: Ariel Henry sollicite Tony Blair pour la recherche d’une solution négociée avec les dominicains

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Prezidan Vladimir Poutine fè konnen l ap soutni Iran si peyi Etazini atake teritwa iranyen an. Prezidan Risi a, Vladimir Poutine, deklare peyi l...

Aktyalite AN KREYÒL

Grenadye Roberto Badio Louima sove kite klèb dominiken Moca FC, li deside rete Etazini aprè yon match foutbòl. Nan yon kominike Moca FC, yon...

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini: yon avyon konpayi American Airlines pran dife aprè l fin frape ak yon zwazo. Aprè yon zwazo rantre an kolizyon ak li, yon...

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini : otorite yo nan Utah ankouraje sitwayen yo manje espès ki rele « grenouille taureau » a. Pou goumen kont envazyon « grenouille...