Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini: yon avyon American Airlines pran dife aprè yon zwazo frape ak li

Etazini: yon avyon American Airlines pran dife aprè yon zwazo frape ak li

Etazini: yon avyon konpayi American Airlines pran dife aprè l fin frape ak yon zwazo.

Aprè yon zwazo rantre an kolizyon ak li, yon avyon konpayi American Airlines pran dife nan nivo reyaktè yè dimanch maten 23 avril 2023 a. Pilòt la te oblije ateri nan ayewopò Columbus kote avyon an te soti a. Pa gen okenn viktim aprè ensidan sa, selon medya ameriken CNN.

Daprè enfòmasyon yo, avyon an t ap soti nan ayewopò Columbus pou ale Phoenix avèk 173 pasaje. Aprè 39 minit vòl, pilòt la te oblije kase tèt tounen paske yon zwazo ki touche aparèy la te pwovoke dife nan reyaktè Boeing 737-800 konpayi a.

Daprè enfòmasyon jounal la, pa gen okenn blese. Tout moun te oblije retounen akoz ensidan sa ki te kreye gwo panik lakay pasaje yo ki t ap viv reyaktè Boeing 737-800 lan ki t ap pran dife.
Plizyè nan pasaje sa yo te eksplike moman panik sa nan mikwo kèk medya.

Avyon an sibi yon pwoblèm mekanik, yo voye l nan pòt anbakman pou mentnans, daprè sa konpayi American Airlines fè konnen ke CNN rapòte.

N ap raple 21 avril pase a, yon avyon konpayi sa te pran dife kèk segond pandan li ta pral dekole nan ayewopò Charlotte nan Caroline du Nord.

 

En savoir plus:

Deux économistes dominicains préconisent la libre circulation du peso dominicain en Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini : otorite yo nan Utah ankouraje sitwayen yo manje espès ki rele « grenouille taureau » a. Pou goumen kont envazyon « grenouille...

Aktyalite AN KREYÒL

Etazini: yon lekòl elemantè deside aprann timoun yo leson nan lang kreyòl ayisyen an. Rolling Green Elementary School se non lekòl sa ki chita...

États-Unis

Komisyon ki ap jere zafè etranje nan chanm sena peyi Etazini an te òganize yon vòt preliminè nan dat jedi 26 oktòb 2017 la,...