Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Platfòm Fanm Angaje Pou Ayiti distribye plis pase 4 mil bòl soup nan rejyon metwopolitèn lan pou 3è edisyon li

Platfòm Fanm Angaje Pou Ayiti distribye plis pase 4 mil bòl soup nan rejyon metwopolitèn lan pou 3è edisyon li
Getting your Trinity Audio player ready...

Nan kad 3e edisyon soup lapè ak solidarite, Platfòm Nasyonal Fanm Angaje pou Ayiti distribiye plis pase 4 mil bòl soup nan rejyon metwopolitèn lan ak Plèn di Nò.

Pou te make 200e lane endepandans peyi a, sou lidèchip ansyen minis kondisyon fanm nan, Marjory Michel, Platfòm Fanm Angaje pou Ayiti distribiye bòl soup ak anviwon 4500 moun. Pou 3e edisyon soup lapè ak solidarite a, Kolektif la rive sèvi moun sou Channmas nan Pòtoprens, Dèlma, Petyonvil, Fèmat, Kafou Fèy, Plèn di Nò.

Kòdonatris jeneral adjwen Platfòm Nasyonal Fanm Angaje pou Ayiti a, Yveline Anténor fè konnen yo rive pran inisyativ sa a nan lide pou pèmèt tout fanm ki pa kapab yo reyini epi bwè yon bòl soup ki se senbòl libète. Pi lwen, Yveline Anténor fè konnen, ensekirite a se youn nan fenomèn ki pa sispann sakaje fanm yo nan peyi a, sitou ti jenn fanm yo ki na abri pwovizwa yo.

Nan sans sa a Platfòm Fanm Angaje mande otorite yo fè sa yo konnen pou rive rezoud fenomèn sa a pou ane 2024 la. “N ap mande pou Premye Minis Ariel Henry renouvle demann Ayiti a pou gen yon fòs entènasyonal ki vin mate fenomèn ensekirite a nan peyi a” se sa Yvelyne Anténor deklare.

Platfòm Fanm Angaje Pou Ayiti distribye plis pase 4 mil bòl soup nan rejyon metwopolitèn lan pou 3è edisyon li

À lire  aussi  :

Anviwon 2 mil moun bwè soup joumou gratis nan Pòtoprens gras ak Konbit Soup Joumou

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Getting your Trinity Audio player ready... Plus de 300 enfants ont bénéficié de soins gratuits grâce à la clinique mobile lancée par la plateforme...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... Le Collectif Fanm Angaje Pou Ayiti intronise 50 brigadières, la directrice administrative de l’association de football des amputé...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti separe soup joumou nan plizyè komin nan okazyon fèt endepandans peyi a Nan...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... Des organisations féminines dont le Collectif Catherine Flon, Fanm Reveye et Fanm Angaje Pou Ayiti apportent leur solidarité...