Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Anviwon 2 mil moun bwè soup joumou gratis nan Pòtoprens gras ak Konbit Soup Joumou

Anviwon 2 mil moun bwè soup joumou gratis nan Pòtoprens gras ak Konbit Soup Joumou

Plis pase 2 mil moun nan Pòtoprens ak lòt zòn nan peyi a bwè soup joumou gratis gras ak Konbit Soup Joumou.

Gwoup Konbit nan okazyon 220 lane lendepandans peyi d Ayiti òganize senkyèm edisyon Konbit Soup Joumou plizyè kote anndan peyi a pami yo nan lise nasyonal Petyonvil kote aktivite yo te pi elaji. Nan kad jounen sa, responsab yo pèmèt plis pase 2 mil moun bwè yon bòl soup gratis nan Pòtoprens, Okay, Okap elatriye gras ak kontribisyon 203 donatè ki te pèmèt responsab yo kolekte 1 milyon 272 mil 60 goud, daprè sa doktè Cassandra Jean François fè konnen.

“Genyen konbit soup joumou ki ap fèt nan Okay, genyen ki ap fèt nan Okap, genyen ki ap fèt nan Pòdepè, genyen ki ap fèt nan Miragwàn e nou genyen twa inisyativ konbit soup joumou ki ap fèt nan Site Solèy”, se sa doktè Cassandra Jean François ki se youn nan responsab yo eksplike.

Pou senkyèm edisyon sa reyalize, Doktè Cassandra Jean François souliye gen 203 moun ki te bay lajan ki te pèmèt komite a kolekte 1 milyon 272 mil 60 goud pou reyalize kokenn chenn aktivite sa anpil kote nan peyi a.

Nan Petyonvil se nan yon moman plezi moun bwè soup

Anviwon 2 mil moun bwè soup joumou gratis nan Pòtoprens gras ak Konbit Soup Joumou

Nan kad aktivite sa, plizyè moun te fè deplasman nan Lise Petyonvil pou te vin bwè soup joumou an fanmi, zanmi. Nan espas sa, nou te ka remake se nan kwi yo te bay patisipan yo soup la ki te byen prezante. “Soup la vrèman gou. Mwen deplase pou sa menm paske mwen te gen 2 lane mwen pa bwè soup. Jodia mwen kontan mwen bwè yon bòl soup gras ak Konbit Soup Joumou”, se sa yon patisipan deklare ak kè kontan.

Pandan aktivite sa, anpil plezi te nan espas la ak mèt Fèy Vèt ki te ap pratike jwèt tradisyonèl tankou sote kòd ak patisipan yo. Timoun Frè Luckson zòn pa fè moun yo te sou sèn pou chante kèk mizik.

Bò kote seyans foto ki t ap fèt, te gen animasyon ak DJ Kemissa, la Bande à Pipo, Jees Creation San nou p ap bliye Bagèt Sant Dans.

Cassandra Jean François bay randevou pou lòt ane epi espere ap gen plis moun k ap touche pa yon bòl soup joumou ki se youn nan fyète nasyonal nou.

Anviwon 2 mil moun bwè soup joumou gratis nan Pòtoprens gras ak Konbit Soup Joumou

Dekouvri plis:

Le premier ministre présente ses voeux à la nation en parlant de sécurité, changement et d’élections

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Ouanaminthe: le comité du canal a grandiosement célébré les 220 ans de l’indépendance d’Haïti sur le site du canal de la rivière Massacre. Le...

Société

Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti separe soup joumou nan plizyè komin nan okazyon fèt endepandans peyi a Nan okazyon premye komemorasyon 219vyèm anivèsè endepandans...

Culture

La nouvelle est tombée environ deux semaines avant la célébration de la fête de l’indépendance de la première République noire du monde : Haïti. Cette...

Monde

La Soup joumou d’Haïti rentre désormais dans le patrimoine immatériel de l’humanité à la suite d’une décision de l’UNESCO. La grande mobilisation de la...