Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti separe soup joumou nan plizyè komin nan okazyon fèt endepandans peyi a

Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti separe soup joumou nan plizyè komin nan okazyon fèt endepandans peyi a
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti separe soup joumou nan plizyè komin nan okazyon fèt endepandans peyi a

Nan okazyon premye komemorasyon 219vyèm anivèsè endepandans peyi Ayiti, Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti separe soup joumou nan plizyè katye nan peyi a ladan yo Chanmas, Petyonvil, Delmas, elatriye. Se dezyèm edisyon inisyativ sa, dapre yon responsab òganizasyon sila.

Pandan otorite gouvènman an tap òganize seremoni ofisyèl pou selebre 219 lane endepandans peyi Ayiti sou Chanmas, jounen dimanch premye janvye a, Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti, ki rasanble plis pase 75 òganizasyon, t ap separe sou bò pa l soup joumou bay plizyè santèn sitwayen tout kategori sou Plas Konstitisyon an. Se dezyèm fwa apre 2021 Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti òganize fòm aktivite, dapre Yveline Antenor, kowòdonatris adjwen platfòm sila.

Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti separe soup joumou nan plizyè komin nan okazyon fèt endepandans peyi a

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

« Nou vini la maten an pou nou di moun yo wi nou konnen gen anpil pwoblèm men fòk nou mete tèt nou ansanm. Se nan linyon, nan dyalòg, se nan renmen youn pou lòt zansèt nou yo te ban nou premye janvye. Se pou sa nou batize jounen sa « jounen soup joumou Claire-Heureuse », madam Antenor deklare nan mikwo laprès.

Pou eksplike orijin lajan ki mobilize pou aktivite sila, Yveline Antenor an souliye Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti gen anviwon 75 òganizasyon fanm ki kontribye. Responsab la fè konnen aktivite pa fèt sèlman sou Chanmas men tou nan Petyonvil, Delma ak “Plaine du Nord”.

Pi lwen, responsab òganizasyon an envite tout Ayisyen pou yo chita pale pou rezoud pwoblèm k ap sakaje bil peyi a. « Jou nou dakò chita ansanm, tout bagay posib. Toutan nou pa chita ansanm pou nou pale, malgre divèjans, ane 2023 kapab pi rèd », militan an avèti.

N ap raple Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti ki gen pou kowòdonatris jeneral ansyen minis kondisyon fanm ak dwa fanm Marjory Michel te deja distribye plizyè santèn kit manje bay fanm ki soti nan kèk katye defavorize jou ki te 31 desanm 2022 a. Òganizasyon an te separe jwèt bay anpil ti fi ak ti gason tou, dapre Yveline Antenor.

Kolektif Fanm Angaje pou Ayiti separe soup joumou nan plizyè komin nan okazyon fèt endepandans peyi a

Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

En savoir plus:

Des personnalités internationales et quelques chefs d’Etat lancent un appel urgent en faveur d’Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Plus de 300 enfants ont bénéficié de soins gratuits grâce à la clinique mobile lancée par la plateforme “Fanm Angaje pou Ayiti” La plateforme...

Actualités

Ouanaminthe: le comité du canal a grandiosement célébré les 220 ans de l’indépendance d’Haïti sur le site du canal de la rivière Massacre. Le...

Actualités

Nan kad 3e edisyon soup lapè ak solidarite, Platfòm Nasyonal Fanm Angaje pou Ayiti distribiye plis pase 4 mil bòl soup nan rejyon metwopolitèn...

Aktyalite AN KREYÒL

Plis pase 2 mil moun nan Pòtoprens ak lòt zòn nan peyi a bwè soup joumou gratis gras ak Konbit Soup Joumou. Gwoup Konbit...