Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Fantom 509 foule beton an yon lòt fwa ankò

Jan sa konn abitye ye, gwoup Fantom 509 yo toujou sou moto ap tire epi mete tèt yo nan direksyon monte Dèlma. Repòtè nou te ka remake kèk moun nan mitan popilasyon an ki akonpaye yo
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Jan yo te deja anonse sa, gwoup polisye Fantom 509 deja rasanble anba pon Kafou Ayewopò pou ale siyone anpil rak kwen nan vil la.

Jan sa konn abitye ye, gwoup Fantom 509 yo toujou sou moto ap tire epi mete tèt yo nan direksyon monte Dèlma. Repòtè nou te ka remake kèk moun nan mitan popilasyon an ki akonpaye yo.

Soti gwoup sa jodi a se pou kontinye lage polisye yo daprè sa yo di. Pou manb Gwoup Fantom 509 yo y ap lage tout polisye yo estime ki arete ilegal. Se rezon sa anndan yon nòt ki t ap sikile yo te bay tout polisye randevou jodi a midi Kafou Ayewopò.

Aktyèlman pa gen sikilasyon nan monte Dèlma a, se gwoup Fantom 509 la ki an demonstrasyon k ap sikile sou moto.

N ap raple w maten an te gen plizyè kote tankou Dèlma 29, 31, 33, 40B kawotchou t ap boule. Katouch t ap tire, kawotchou t ap boule nan zòn Jeral Batay ak Mayi Gate, sa ki te rann sikilasyon an enpratikab maten an nan zòn sa yo.

Apre nouvèl ke Fantom 509 nan lari a, plizyè moun koumanse rantre, paran kouri pral chache pitit yo lekòl. Lari a, patikilyèman sou wout Dèlma parèt timid.

Dekouvri plis:

Récupération du blindé et des cadavres des policiers à Village de Dieu: Léon Charles fait le point

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Justice

Le dirigeant et membres du SPNH-17 ne sont plus dans le viseur de la justice haïtienne. Des membres du SPNH-17 dont l’ancien coordonnateur Jean...

Sécurité

Interpellation de l’ancien policier Abelson Gros-Nègres, recherché par les autorités comme membre de Fantom509. Des protestataires, à Carrefour feuille, et l’avocat André Michel réclament...

Justice

Interpellation de Raphaël Jean alias Ti blan, membre de Fantom509, par les autorités policières et judiciaires. Suite au mandat d’amener émis par le commissaire...

Justice

Le ministre de la justice, Me Rockfeller Vicent ordonne le démantèlement de Fantom509 à qui il impute l’assassinat d’un policier survenu le lundi 22...