Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Frans: Etidyan nan inivèsite Aix-Marseille ap mande jistis pou Grégory Saint-Hilaire

Frans: Etidyan nan inivèsite Aix-Marseille ap mande jistis pou Grégory Saint-Hilaire

Se pa sèlman an Ayiti lanmò etidyan Grégory Saint-Hilaire touche anpil moun epi pouse yo ap manifeste pou mande jistis pou li.

Nan peyi Frans, plizyè sendika etidyan nan inivèsite Aix-Marseille fè yon sitin pou mande jistis pou etidyan Ekòl Nòmal Siperyè a.

Sitin sa fèt jodi jedi 8 septanm 2020 an, kote plizyè etidyan te kanpe devan lokal fakilte lèt inivèsite Aix-Marseille pou kondane zak asasinay sa ki fèt sou Grégory Saint-Hilaire kote li te resevwa yon bal nan men ajan USGPN epi l ta pral mouri twa zèd tan apre paske l pa t ka jwenn swen.

Sitin sa ki te gen etidyan ayisyen ak etranje te lanse pa “Comité de lutte d’Aix-en-Provence,  CGT d’Aix-en-Provence, jeunes communistes de la région Bouches-du-Rhône” kote yo t ap kriye “Justice pour Grégory” yon fason pou degaje konsyans yo epi eksprime mekontantman yo kont zak represyon yo estime etidyan pa bò isit ap sibi.

Pandan mouvman sa, reprezantan doktoran nan inivèsite Aix-Marseille la, Grégory Gustémable fè konnen pa gen okenn rezon ki ka eksplike asasina yon etidyan pa lapolis anndan yon fakilte.

Pou mesye Gustémable, li kalifye zak sa de “babari”, “kriminèl” pandan l fè konnen zak sa merite kondane.

Grégory Gustémable ankouraje etidyan yo pou yo rete mobilize pou kapab kapote rejim sa ki la ke l di k ap fè anpil zak represyon sou etidyan an Ayiti.

Etidyan ak sendikalis sa yo anndan inivèsite Aix-Marseille pwomèt y ap rete mobilize jiskaske zak sa yo kanpe kont etidyan an Ayiti. Yo deja anonse yon mach solidarite pou jedi 15 oktòb k ap vin la.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Pou ki rezon tout pati politik sa yo kanpe?

Plus de contenu

Actualités

Assassinat de l’étudiant Grégory Saint-Hilaire: le Conseil des Doyens de l’Université d’État d’Haïti proteste. Dans une note de protestation acheminée le 11 octobre 2020...

Actualités

L’Office de Protection du Citoyen (OPC) préoccupé par les actes d’assassinats et la violence qui accompagnent les revendications. Dans un communiqué de presse publié...

Actualités

“Grégory n’était pas un dangereux terroriste et ne présentait aucune menace pour le Palais National”, réagit l’université Quisqueya Le rectorat de l’université Quisqueya réagit,...

Actualités

Le RNDDH et le Rectorat de l’Université d’État d’Haïti dénoncent la permissivité des autorités judiciaires à la suite de l’assassinat par balles de l’étudiant...