Getting your Trinity Audio player ready...
|
Hija Djenicka Philippe ki gen 21 an mande èd pou l ka kite prizon fanm Akayè a.
Hija Djenicka Philippe ki gen 21 lane te fè pati 18 moun yo te arete 7 fevriye pase a pou akizasyon koudeta kont ansyen prezidan Jovenel Moïse ki te mouri lakay li nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè ki sot pase a.
Nan yon vizit fotograf Tcharly Coutin (Kanga Zile) te fè anndan prizon sivil fanm ki nan Kabarè, nan kad yon aktivite regwoupman Ti Koze sou Dwa t ap òganize, jèn demwazèl la te pwofite remèt lèt sa ak fotograf la, yon fason pou fè l rive lwen.
Se sa tou ki ta pral fè anpil moun rann kont se sèl demwazèl sila ki pa libere nan 18 moun ki te arete yo, pami moun sa yo te gen jij Yvickel Dabresil. Nan lèt sa, Djenicka koumanse pou l raple li fè pati 18 moun ki te arete yo ki pa jwenn liberasyon l.
Nan sans sa, li mande konkou moun pou ta ede l jwenn liberasyon l pandan l fè konnen li ap soufri anpil nan espas la, malgre tout sa fanmi l fè pou li anyen pa janm fèt.
Pou l fini, Djenicka Philippe fè konnen li se yon etidyant, li bezwen ale lekòl.
Selon tout dènye enfo yo, ki fè li ta nan prizon se akoz yon senp erè ki gen nan non l.
Dekouvri plis:
Iran: Soti mwa mas rive desanm 2020, 24 mil tifi ki gen ant 10 a 14 lane arive marye
