Connect with us

Hi, what are you looking for?

Business

Yon konpayi syedwa lanse yon boutèy transparan pou dlo ki rele “Cristiano”

Yon konpayi syedwa lanse yon boutèy transparan pou dlo ki rele "Cristiano"

Ikea, yon gwo konpayi nan peyi Syèd lanse yon boutèy an vè transparan ki fèt pou dlo sèlman ki rele “Cristiano”, ki gen pou wè ak non jwè Pòtigè a Cristiano Ronaldo k ap jwe jodi mèkredi 23 jen an kont ekip Frans lan pou dènye match nan gwoup F la.

Gwo kou maketin sa vini apre pil buzz videyo Cristiano Ronaldo a te fè. Jwè Juventus la anndan yon konferans pou laprès li te bay 14 jen pase a te retire 2 boutèy Koka kola epi mete dlo epi deklare: “dlo, pa dwe gen koka”. Yon fason pou montre se dlo ki bon pou lasante.

Apre videyo sa, konpayi koka kola te fè yon gwo pèt kote yo te pèdi anviwon 4 milya dola. Apre konpòtman pòtigè a, plizyè lòt foutbolè ki anndan konpetisyon an te pran sa kou yon challenge. Genyen ki fè menm jan ak Cristiano, gen lòt ki ale nan sans kontrè a, Paul Pogba sou bò pa l te wete boutèy Heineken yo. Sa ki te kreye sansasyon sou rezo sosyal yo.

Boutèy sa daprè fòma konpayi a lage a ap koute 1,90$. Yon gwo kou nan moman koup Dewòp la san konte videyo pòtigè a ki toujou ap woule sou anpil platfòm. Pa menm bezwen pale si Cristiano ta kalifye ak peyi l epi ap avanse nan konpetisyon an.

Yon konpayi syedwa lanse yon boutèy transparan pou dlo ki rele "Cristiano"

Dekouvri plis:

23 juin 2004: la MINUSTAH prend le contrôle des opérations de maintien de la paix en Haiti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Cristiano Ronaldo nominé aux côtés de 23 autres footballeurs pour la FIFA FIFPRO World 11 2023. La FIFA et la FIFPRO ont communiqué le mercredi...

Sports

Pas de Cristiano Ronaldo ni de Lionel Messi dans le onze de rêve de Karim Benzema. Le footballeur français, Karim Benzema, qui évolue actuellement...

Sports

Cristiano Ronaldo est le sportif le plus recherché sur internet entre septembre 2022 et août 2023. Le footballeur portugais Cristiano Ronaldo fait partie des...

Sports

Le transfert de Cristiano Ronaldo à Al-Nassr amène d’autres joueurs en Arabie Saoudite dont le brésilien Neymar. Arrivé en Arabie Saoudite à la fin...