Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Zanbi: Yon jounalis mande direksyon tele a peye l pandan l ap prezante yon jounal an dirèk

Zanbi: Yon jounalis mande direksyon tele a peye l pandan l ap prezante yon jounal an dirèk

Enkwayab men se verite! Jounalis Kabinda Kalimina gaye wonn lan pandan l ap prezante yon jounal an dirèk 19 jen pase a, sou chèn KBN TV. Sitwayen sa fè yon kanpe jounal la pou deklare ni li ak kòlèg li yo pa touche.

Nouvèl sa ta pral releye pa plizyè medya nan mond lan tankou slate, CNN ak sit Le Point an Frans. Jounalis Kabinda Kalimina kanpe jounal la pandan yon ti tan epi deklare an dirèk sou plato a: ” an deyò jounal n ap prezante a, mèdam ak mesye nou se yon èt imen, yo dwe peye nou pou travay nou”.

Koumansman pawòl sa yo pa anyen. Jounalis la ta pral manyen administrasyon tele a, se lè l te kontinye pou l di: “Malerezman sou KBN yo pa peye nou. Sharon ak lòt kòlèg yo pa touche. Mwen menm tou. Nou merite yon salè”., daprè sa Slate ak CNN rapòte.

Yon jounal nan peyi Zanbi ki rele Zambia Reports te fè konnen tou jounalis Kabinda Kalimina sou paj Facebook li te kontinye ensilte pwopriyetè chèn tele ki rele Kennedy Mambwe apre sa li ta pral siprime mesaj yo.

Kennedy Mambwe sou bò pa l anndan yon kominike akize jounalis la kòmkwa li te sou lè l te gen konpòtman sa sou plato televizyon an.

Pwopriyetè tele a kontinye pou di li kondane konpòtman sa epi anonse yon ankèt entèn pral louvri pandan ke li pa nye akizasyon jounalis Kabinda Kalimina.

Kabinda Kalimina kontinye sou rezo sosyal yo kote li bote an touch akizasyon pwopriyetè chèn KBN TV a ki di l te sou. Li te kontinye pou l di sou paj Facebook li: “Wi mwen fè sa an dirèk. Gen jounalis ki pè pale wo ak fò, men sa pa vle di ke yo pa kapab fè l”.

Sanble konfrè jounalis la te tonbe sou mizik Kreyòl La ki di “Moun ki dwe m yo, moun ki dwe m yo, moun ki dwe m yo, moun ki dwe m yo peye m”.

Zanbi: Yon jounalis mande direksyon tele a peye l pandan l ap prezante yon jounal an dirèk

Dekouvri plis:

Pierre Réginald Boulos attendu pour une audition à l’ULCC

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

Un homme s’évanouit après avoir découvert qu’il payait pendant 15 ans le loyer d’une maison appartenant à sa femme. Martin Stampa est le nom...

Actualités

Le Zimbabwe est en état d’alerte à cause d’une épidémie de choléra qui s’est déclarée dans la ville de Chegutu, à 100 km à...

Actualités

Le gouvernement de Zambie a retardé la rentrée scolaire et interdit les rassemblements publics dans tout le pays pour tenter d’enrayer une grave épidémie...