Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kowonaviris: Repiblik Dominikèn demare ak premye dòz vaksen “AstraZeneca”

Kowonaviris: Repiblik Dominikèn demare ak premye dòz vaksen "AstraZeneca"

Si Ayiti ap danse kanaval pandan ministè sante piblik ak klewonnen respekte jès baryè yo pou pa trape kowonaviris, nan peyi Sendomeng se yon lòt ka figi kote otorite yo demare jodi madi 16 fevriye 2021 an ak premye dòz vaksen kont kowonaviris.

Moun ki premye pran vaksen an se yon kolonèl medikal entènis

Se minis sante piblik peyi vwazen an, Doktè Plutar Coarias ki te anchaje bay premye dòz vaksen sa nan lopital Ramon de Lara. Premye moun ki pran vaksen “Astra Zeneca” kont kowonaviris la se Ramón Familia Alcántanra ki se yon kolonèl medikal entènis, li se direktè medikal adjwen lopital kote otorite yo t ap bay vaksen an.

Vaksen sa te bay an prezans prezidan dominiken an Luis Abinader ki te akonpaye ak vis prezidant peyi sa Raquel Pena.

Minis sante a te kontinye ak plan nasyonal vaksinasyon an kote li te ale nan lopial Moscoso Puello pou vaksinen pèsonèl sante ki an kontak dirèk ak moun ki gen maladi kowonaviris la.

Dekouvri plis:

Ralf S. Rho publie son nouvel ouvrage « Le Poids de Mon Rêve » (The weight of my dream)

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

La République dominicaine connait un regain de Covid-19 et plusieurs cas de kidnapping. Comme l’avait mentionné le département d’État américain qui a placé la...

Actualités

Le Pape Françoisappelle tous les croyants du monde entier à se faire vacciner contre la pandémie du coronavirus. Dans une vidéo sur sa page...

Actualités

Nan yon avi li mete deyò ki pote siyati minis doktè Marie Gréta Roy Clément, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) enfòme enpòtatè ak...

Santé

Ministè Sante Piblik ak Popilasyon sou paj Facebook li anndan yon videyo ki dire yon minit, envite popilasyon an kòmanse prepare l pou pran...