Connect with us

Hi, what are you looking for?

Monde

Afrik di Sid: Lajistis kondane yon kadejakè pou li pase 1 088 lane nan prizon

Afrik di Sid: Lajistis kondane yon kadejakè pou li pase 1 088 lane nan prizon

Tribinal nan vil Pretorya peyi Afrik di Sid kondane yon kadejakè an seri pou pase 1 088 lane nan prizon.

Desizyon sa vini aprè akize a rekonèt li koupab paske li vyole 56 fanm nan anpil katye nan Pretorya pandan 5 lane.

Non kadejakè sa se Sello Abram Mapunya ki gen 33 lane. Selon enfòmasyon yo, endividi sa fè 41 vyòl, 40 kanbriyolaj, vòl ak zam san konte lòt enfraksyon li komèt.

Tout lè Mapunya t ap fè zak sa yo li t ap viv ak yon fanm, yon pitit gason l ki gen 8 lane ak pitit fi l ki gen 4 lane. Sa pat anpeche kadejakè a atake fanm ki tap viv nan zòn Tshwane de Nellmapius, Mamelodi, Silverton…

Pi jèn viktim kadejakè a te gen 14 lane. Viktim ki te gen plis laj la gen 55 lane. Mapunya te akize pou anviwon 101 enfraksyon diferant . Li te kòmanse zak li yo depi nan lane 2014 epi kanpe an mas 2019 aprè anpil detektif nan Inite Ankèt sou Krim Elektwonik an seri te arete li.

Se jij Papi Mosopa ki kondane li pou pase 1 088 lane nan prizon. Li kondane aprè li rekonèt li koupab pou 41 vyòl li komèt . 40 akizasyon vòl ki gen sikonstans grav epi 40 akizasyon “vyolasyon domisil”.

Afrik di Sid: Lajistis kondane yon kadejakè pou li pase 1 088 lane nan prizon

Dekouvri plis:

Les Nations Unies, préoccupées par la recrudescence de la violence sur les populations civiles en Haïti

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Monde

19 morts lors de 2 fusillades dans 2 bars situés dans le quartier de Soweto et de Pietermaritzburg en Afrique du Sud. Une fusillade...

Monde

Incendie-Afrique du Sud: l’Assemblée nationale entièrement détruite et un suspect arrêté Un violent incendie a détruit entièrement les locaux de l’Assemblée nationale de l’Afrique...

Monde

Frederik De Klerk, le dernier président blanc d’Afrique du Sud, décédé à l’âge de 85 ans. Connu comme le dernier président blanc d’Afrique du...

Monde

Semèn pase yo, plizyè jounal nan kontinan Afriken an te fè konnen Giosame Sithole akouche 10 timoun (7 gason ak 3 fi). Eben dam...