Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Lapolis anonse l ap bay 10 milyon goud ak moun ki ede l arete Vitelhomme

Lapolis anonse l ap bay 10 milyon goud ak moun ki ede l arete Vitelhomme

Lapolis Nasyonal Dayiti anonse l ap fè kado 10 milyon goud ak moun ki ede l mete anba kòd gang Vitelhomme Innocent.

Lapolis Nasyonal Dayiti nan yon avi rechèch li lage dèyè Vitelhomme Innocent, anonse li dispoze pou l bay 1 milyon goud ak moun ki ede l mete lapat sou chèf gang sa k ap fè lalwa nan zòn Tòsèl, Pènye ak lòt kote ki anviwonnen l yo. Enstitisyon polis la mete nimewo disponib pou moun nan popilasyon an ki swete kolabore.

«Di milyon goud pou moun ki bay enfòmasyon ak polisye ki ede mete anba kòd chèf gang sa», se sa ki ekri nan avi rechèch sa lapolis mete deyò yè dimanch 5 fevriye a. Desizyon sa rantre nan kad operasyon Tornade 1 Wo kòmandman an lanse a.

Otorite polisyè yo akize Vitelhomme Innocent kòm kidnapè, asasen, moun k ap fè vyòl, k ap vòlè, k ap detwi byen moun elatriye.

4 nimewo disponib pou moun ki ta swete rele pou bay lapolis la enfòmasyon sou Vitelhomme Innocent. Nimewo sa yo se 29481414 / 29951414 / 29981414 epi 29991414.

Desizyon sa vini aprè gwoup gang Vitelhomme Innocent detwi sou komisarya Pènye a, yo te kraze yon pati nan kloti rantre Belvil la epi yo lonje dwèt sou yo kòm moun ki ta tire sou patwouy polis la nan Metivye, Petyonvil, epi lakoz lanmò 3 polisye yo.

Lapolis anonse l ap bay 10 milyon goud ak moun ki ede l arete Vitelhomme

En savoir plus:

Un séisme de magnitude 7,8 a fait plus de 1 300 morts en Turquie et en Syrie, selon des bilans provisoires

 

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

La journaliste Marie Lucie Bonhomme enlevée à 3 heures du matin puis relâchée vers 5 heures sur ordre de Vitelhomme. Marie Lucie Bonhomme, journaliste...

Sécurité

Un chauffeur du chef de gang Vitelhomme mortellement touché , une arme à feu saisie par des agents de l’ordre. Les agents de la...