Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Matisan: Batay ant nèg ak zam lakoz anpil fanmi kouri kite kay yo

Matisan: Batay ant nèg ak zam lakoz anpil fanmi kouri kite kay yo
Crédit photo: Actualités Locales TV

Depi anviwon 3 jou, batay ki genyen ant gwoup gang Ti Bwa ak gwoup gang Gran Ravin lakoz anpil fanmi nan zòn Matisan kouri kite lakay yo pou pwoteje tèt yo kont zak vyolans ak bal mawon pandan seri afwontman sa yo.

Abitan sa yo ki t ap viv Matisan ak zòn ki anviwonnen yo pati kite lakay yo pou kouri pran refij sou plas piblik Fontamara ki nan nimewo 43 a.

Depi 3 jou nèg Ti Lapli yo ak group Krisla pa sispann fè zam yo chante nan kad afwontman ant 2 gwoup gang sa yo pou kontwòl plis teritwa selon enfòmasyon jounal rive jwenn.

Sitiyasyon sa lakoz antre Sid kapital la enpratikab kote moun k ap frekante zòn sa pa sispann gen kè sote. Nan kad afwontman sa yo, nèg ak zam arive simen katouch sou komisarya polis Matisan an ki tou prè legliz Sent Bènadèt.

Enfo yo menm fè kwè gen plis pase yon dizèn moun ki pran katouch pandan mouvman vyolans sa yo.

Anndan anpil videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo nou ka remake jan gason ak zam ap montre jan yo deplwaye ak zam yo pou mache pran lòt zòn.

Aprè 3 jou vyolans sa yo poko gen okenn otorite anndan Leta a ki pwononse yo sou sitiyasyon an ni sou peripesi abitan ki kite kay yo k ap dòmi nan lari epi moun ki sòti nan depatman Sid, Nip , Sidès ak Grandans ki bloke ki pa ka rantre nan kapital ayisyènn nan.

Matisan: Batay ant nèg ak zam lakoz anpil fanmi kouri kite kay yo

Crédit photo: Actualités Locales TV

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce vendredi 4 juin 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Insécurité

Atak nèg ak zam nan Matisan: yon jounalis ki te temwen nan bis la ap eksplike. Ganthier Samuel Jn Petrus, jounalis espòtif nan radyo...

Insécurité

Anviwon 44 jou, abitan nan Matisan ak zòn ki anviwonnen l yo po ko janm ka rantre lakay yo, akoz afrontman gang yo Fas...

Insécurité

l’Hôpital Communautaire de Référence De Raoul Pierre Louis d’Arcachon 32 dénonce l’assassinat par balle, à Martissant, de l’infirmière Virgile Lornarose FILS-AIME. Dans une note...

Aktyalite AN KREYÒL

Gouvènman an nan yon konferans pou laprès li bay yè vandredi 25 jen an, nan lokal Ministè Travo Piblik, anonse ak popilasyon an jefò...