Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Mayestwo Kerwill t ap pale de “li domine m”, yon feyton anpil moun ap tann sou YouTube

Mayestwo Kerwill t ap pale de "li domine m", yon feyton anpil moun ap tann sou YouTube

Li domine m se yon feyton YouTube mayestwo Kerwill ekri ak reyalize ki gen pou soti sou paj YouTube Dalonso Philippe kote li getan lage “teaser” a vandredi ki te 13 novanm lan, yon teaser ki fè plis pase 40 mil vyou. Nan yon ti pale ak ekip Juno7 la, jèn reyalizatè a t ap eksplike pwojè a.

Jan nou mansyone l pi wo a, feyton sa ekri pa Kerwill daprè sa li di nou. Mayestwo Kerwill fè konnen anndan feyton sa g on istwa k ap dewoule ki rakonte lavi yon jèn demwazèl ki fèt anndan legliz, grandi anndan legliz. Demwazèl sa pa gen kouraj pou l parèt devan manman l pou l di l li pa gen lanmou pou gason ke se fanm li renmen alòske manman an menm getan ap prepare yon avoka ki gen mwayen pou pitit fi l. Se konsa Mayestro Kerwill te bay detay sou sinopsis feyton sa.

Yon istwa ki baze sou koze oryantasyon seksyèl. Koze oryantasyon seksyèl yon bagay ki rete tabou anndan sosyete ayisyèn lan, men Kerwill oze vin ak li anndan yon pwojè, li te pwofite bay rezon ki pouse l antre yon sijè konsa anndan pwojè a

“Sa k pouse m fè l se paske mwen gen 2 zanmi sa rive. Gen youn ki lòtbò ki eksplike m bagay la ki di m men ki sitiyasyon l ap viv epi mwen genyen yon demwazèl sa rive tou anndan legliz. Epi mwen deside pran istwa sa yo epi m di m pa wè yon moun f on pwojè sou bagay sa se toujou fè gason ap goumen ak fanm, fè gason ap fè jalouzi pou fanm men yo pa janm vle touche pwen sa. Mwen di m ap oze menm lè yo(sosyete) pral joure”.

Frap yo te vini sou rezo a jan Kerwill te atann sa. Li fè konnen lè li fenk anonse pwojè sa te gen anpil joure bò kote piblik la. Sou rezo sosyo a entènot yo te menase dezabòne ak paj Facebook ak YouTube yo. Li fè konnen mekontantman moun yo se paske yo pa t vrèman konnen istwa feyton an ki fè yo te gen reyaksyon sa yo. Li asire nou ke tout bagay tounen nan nòmal kote atant yo konble, fidbak yo pozitif apre soti teaser a vandredi pase a kote anpil kòmantè moun di yo enpasyan, y ap tann feyton an.

Si piblik li a enpasyan pou soti pwojè a, leson mayestwo Kerwill ap atann moun tire anndan feyton sa se aprann fè moun tolere chwa moun.

“Lè moun lan chwazi oryantasyon seksyèl li, ou pa sipoze di lavi l fini pou sa paske moun lan ka chwazi oryantasyon seksyèl li epi li vin yon gwo bagay nan vi a”. Li refere l ak Karine Jean-Pierre nouvo direktris kabinè vis prezidant demokrat Kamala Harris ki deklare li se lesbyèn. Li te kontinye pou l ajoute, “lè moun lan chwazi oryantasyon seksyèl li, ou pa sipoze di lavi l fini, ou pral tiye l pou sa, fòk nou aprann respekte lib abit moun lan”.

Pwojè “Li Domine m” gen anviwon 14 moun ki patisipe ladan l. Mayestwo Kerwill voye yon mesaj bay fanatik li yo pou l di yo pwojè sa fèt pou ede paran ki fin gad feyton sa an mezi pale ak timoun yo, mete yo chita pou yo konn ki sa ki nan tèt timoun yo epi chache konnen oryantasyon seksyèl yo.

Kiyès ki Mayestro Kerwill?

Mayestwo Kerwill fèt yon 11 janvye nan lane 1996, li gen 24 tran. Bon non l se Dalonso Philippe. Li fè etid primè l nan lekòl advantis “Bon Samaritain”, nan komin Desdunes, depatman Latibonit, apre li rantre Pòtoprens li ale pousib etid li nan “Collège Les Normaliens Réunis”. Li se yon reyalizatè, aktè, montè, piblisis, ekriven, slamè, grafis epi li etidye jounalis tou. Depi 2018, li antre nan domèn sinema kote paj YouTube li ki se Dalonso Philippe gen 252 mil abòne, sou Facebook ki se Mayestwo Kerwill(Maestro Kerwill fan) gen 81 241 moun k ap swiv li.

Dekouvri plis :

Kilè mastibasyon tounen yon maladi? Doktè Kerry Norbrun ap eksplike

Plus de contenu

Actualités

Li domine m se yon feyton Dalonso Philippe ekri ki kòmanse pase sou chèn YouTube li depi samdi 21 novanm lan. Aktyèlman, getan gen...