Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Medam yo ka fè operasyon medikal ki rele “hyménoplastie” si yo vle rejwenn vijinite yo

Medam yo ka fè operasyon medikal ki rele "hyménoplastie" si yo vle rejwenn vijinite yo
Hyménoplastie

«hyménoplastie», yon operasyon medikal ki ka pèmèt yon fanm rejwenn vijinite l si l te getan pèdi l.

Imenoplasti (Hyménoplastie) se yon operasyon medikal oubyen entèvansyon chirijikal yon jinekològ oswa yon chirijyen estetik kapab pratike pou yon pasyan (yon fi). Pratik sa pèmèt fi an rejwenn vijinite l aprè espesyalis nan koze sa rekonstwi imèn lan. Lè fanm nan abitye ale nan rapò seksyèl, nou souvan di imèn lan chire, fi sa pa vyèj ankò aprè l fin dekouvri koze fè bagay. Nan yon ti pale ak doktè Kerry Norbrun, li te eksplike nou kisa koze sa ye, poukisa yon pasyan konn deside fè operasyon sa epi ki kategori fanm ki pa ka fè l.

Gen moun ki ka etone lè yo aprann medsin gen teknik pou refè yon fanm vyèj, pandan pawòl la toujou fè kwè depi yon fanm pèdi vijinite l, li pèdi l nèt. Avèk operasyon medikal sa ki rele imenoplasti, syantifik yo pa sispann montre jan medsin lan ap evolye pou eseye pote solisyon ak divès bagay ki ta parèt konplike oubyen enposib. Kisa imenoplasti ye? Daprè definisyon doktè Kerry Norbrun te bay ak jounal la, se yon entèvansyon chirijikal ki ap ede moun lan tounen vyèj ankò kote yo repare imèn fi an ki te detwi nan rapò seksyèl.

Koze imèn detwi a sa pral depann ak ki laj fi sa te kòmanse fè sèks. Lè li detwi, li prèske enposib pou yon fanm ta gade yon nèg nan je pandan yon rapò seksyèl pou l ta di l vyèj oubyen ti fi. Toutfwa, Kerry Norbrun fè konnen, pasyan konn deside fè operasyon sa pou 2 rezon. “Yo fè l si yo te fè vyòl sou yon fi oubyen si fi an deside retounen vyèj ankò pou rezon pa l.”

Doktè a pandan entèvansyon l yo te tou pwofite eksplike kijan espesyalis yo fè operasyon sa. “Y ap bay moun lan anestezi jeneral oswa lokal. Yo rapwoche bèj imèn yo, chirijyen an ka refè yon manbràn si sa k rete nan imèn yo pa ase. Fil yo itilize yo se fil ki absòbe ki ap disparèt nan yon 2 a 3 semèn. Entèvansyon an dire 30 minit”, daprè sa l rakonte.

Pandan nou t ap trete dosye sa nou pa t an mezi jwenn moun an Ayiti ki ta fè yon operasyon konsa. Toutfwa, doktè Kerry Norbrun pa t neglije pote konsèy ak moun ki ta swete fè l. “Zòn kote yo opere an ap gen doulè pandan 24 a 48 èd tan aprè entèvansyon an. Gerizon an vrèman vit. Piga moun sa fè espò pandan twa semèn.”

Medam yo ka fè operasyon medikal ki rele "hyménoplastie" si yo vle rejwenn vijinite yo

Doktè Kerry Norbrun

Li te fini pou l di piga moun ki gen pwoblèm mantal, ki gen pwoblèm kè ak respirasyon epi moun ki gen pwoblèm sik fè operasyon medikal sa ki ka bay pwoblèm ak sante yo.

N ap fè w konnen Kerry Norbrun gen 8 lane ap pratike telemedsin epi ap pwone medsin prevantiv sou rezo sosyal yo atravè paj li kote popilarite l sou rezo a fè moun toujou ap mande l konsèy, poze l kesyon sou yon pakèt sijè ki gen pou wè ak medsin.
Apa de medsin, Kerry Norbrun s on kreyatè kontni, enfliyansè e anbasadè kèk konpayi.

Li s on pwofesyonèl nan domen marketing digital, li se patnè meta nan koze marketing rezo sosyal, aprè l fin boukle 7 mwa fòmasyon meta ofri nan domèn marketing digital li dekwoche badj Meta Certified Digital Marketing Associate. Kerry sètifye pa Google nan menm domèn marketing digital sa. Paralèlman l ap boukle yon fòmasyon an liy nan marketing digital nan yon inivèsite USA ki rele Illinois ki Chicago. Kerry s on jèn trader forex aprè l boukle etid nan trading nan innovare academy.

Dekouvri plis:

Graduation de 71 étudiants en Sciences de l’Éducation de l’Université Publique du Sud-Est à Jacmel

1 Comment

1 Comment

  1. Jean

    31 mars 2023 at 20h45

    Ok mesi

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

An kreyòl

Dekouvri ak doktè Kerry Norbrun kisa ki “syndrome de la personne raide”, yon maladi ra atis Céline Dion ap fè fas ak li. Atis...