Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Dekouvri ak doktè Kerry Norbrun kisa ki “Syndrome de la personne raide”, yon maladi ra Céline Dion ap fè fas ak li

Dekouvri ak Kerry Norbrun kisa ki "syndrome de la personne raide", yon maladi ra Céline Dion ap fè fas ak li

Dekouvri ak doktè Kerry Norbrun kisa ki “syndrome de la personne raide”, yon maladi ra atis Céline Dion ap fè fas ak li.

Atis Céline Dion anpil moun konnen prezante depi kèk tan sou rezo a yon kò ki fè lapenn, ki trè vyeyisan. Anpil entènot konn menm pran plezi fè blag ak atis la lè yo tonbe sou kèk foto l. Jedi 8 novanm ki sot pase a, konsène a resi soti nan silans li atravè yon videyo pou l anonse ak tout moun li ap soufri ak yon maladi newolojik ki pote non “syndrome de Moersch-Woltman” yo rele l nan langaj fransè a, “syndrome de la personne raide”.

Se yon maladi ra daprè espesyalis yo ki frape yon moun sou 1 milyon. Nan yon ti pale nou te gen ak doktè Kerry Norbrun li te eksplike ak nou kisa maladi sa ye, kijan l manifeste lakay moun, ki kategori moun li frape elatriye.

Selon Kerry Norbrun, moun ki ap fè fas ak maladi ra sa, dèfwa yo rete yo santi kò yo rèd, yo gen gwo doulè, yo pa ka mache, yo oblije rete yon kote. “Dèfwa l rete l rèd epi l ap santi gwo doulè s on twoub newolojik ki koz “muscle”( chè ki pèmèt nou fè mouvman yo) ret rèd epi moun sa yo konn gen yon gwo gwo doulè an menm tan ki ka fè yo pa ka mache. Dèfwa Céline Dion oblije ret yon kote ki pa gen bri ni limyè se sa k fè l pa ka tounen sou sèn”, eksplikasyon jèn doktè sa.

Daprè Norbrun, maladi ra sa gen tandans frape fanm sitou ki nan laj 30 pou rive 60 lane. Li te souliye tou ke lasyans poko konnen twò gwo bagay sou maladi ra sa menm kan yo vin ak kèk estimasyon ki ta koz li.

“Jiska jodia medsin pa konn twò gwo bagay sou li men yo panse l son maladi oto imin kote se pwòp kò an k ap detwi tèt li. Lakay moun sa yo yo detekte yon antikò(pwoteyin k ap ede kò an lite pa tout sa k etranje pou li) ki dirije kont “acide glutamique decarboxylase (GAD)” ki enplike nan kreye yon newotransmetè yo rele “acide Gamma-aminobutyrique ( GABA)” ,wòl GABA se ede kontwole mouvman “muscle” e anpeche sèvo an twò eksite”.

Kerry Norbrun nan eksplikasyon li yo te bay kèk detay sou sa yo konn remake lakay moun ki soufri ak Syndrome de la personne raide la. “Yo konn remake tiwoyid(yon gland ki nan kouw) konn anfle, yo konn remake yo gen yon sòt de anemi yo rele” anemi pernicieuse “kote globil wouj yo twò gwo ki konn yon karans an vitamin B12”, daprè detay li.

Doktè an te souliye pou l di sentom maladi sa pwogresif sitou kay moun ki p ap swiv tretman kote ka l ka dejenere pandan l te fè remak sou sa k ka deklanche sentom uo ki se estrès, chòk emosyonèl, stimili tankou bri ak limyè.

Pou l konkli li envite okenn moun pa ri moun, pa fawouche fizik moun san yo pa konn kisa moun lan ap sibi nan lavi l ni kisa l ap travèse ak yon maladi.

N ap raple Céline Dion anonse li anile plizyè konsè entènasyonal akoz maladi a. “Mwen gen pwoblèm sante depi lontan. Se pa fasil pou mwen pou m fè fas ak li. Sa atriste m anpil pou m di n mwen pa prè pou m rekòmanse toune an Ewòp mwen an pou fevriye”, se sa l te deklare.

Céline Dion gen 54 lane, li fèt Kanada. Depi 1981 l ap chante. Li pran plizyè pri nan karyè li.

Dekouvri ak Kerry Norbrun kisa ki "syndrome de la personne raide", yon maladi ra Céline Dion ap fè fas ak li

En savoir plus:

Haïti : le Royaume-Uni envisage des sanctions financières, dès le 28 décembre, contre les personnes désignées par l’ONU

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

«hyménoplastie», yon operasyon medikal ki ka pèmèt yon fanm rejwenn vijinite l si l te getan pèdi l. Imenoplasti (Hyménoplastie) se yon operasyon medikal...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...