Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Èske «krèm bouboun» se prèv yon fi p ap twonpe yon gason? Doktè Kerry Norbrun ap eksplike

Èske se prèv yon fi p ap twonpe yon gason? Doktè Kerry Norbrun ap eksplike

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen fin fè sèks.

Fò souvan nou toujou tande kèk gason ap di si yo gen kèk tan yo pa ale nan relasyon ak madanm yo, lè yo tounen nan rapò seksyèl ak li, yo dwe jwenn yon krèm nan vajen fi a. Nan langaj pa nou, yo rele likid sa “krèm bouboun” oubyen “krèm bòbòt”. Lè yon gason ale nan rapò seksyèl li pa jwenn krèm sa oubyen likid sa, diskisyon konn mete pye ant li ak fanm lan paske l estime fi sa ap twonpe l.

Fò souvan se djaspora, nèg ki pa wè fanm yo souvan ki konn pete lobo akoz koze sa. Nan yon ti pale ak doktè Kerry Norbrun, li te bay detay sou krèm bouboun lan, wòl li epi rasire mesye yo sa yo panse a se pa sa.

Nan kòmansman interview sa, doktè Kerry Norbrun di mesye yo se manti koze si yo te fè yon tan yo pa ale nan relasyon ak fanm yo epi lè yo tounen yo dwe jwenn krèm bouboun lan. Jèn medsen an di krèm sa se yon sekresyon. “Sekresyon sa lye ak sa yo rele deskwamasyon. Se vajen an k ap renouvle kouch sipèfisyèl li ki vin bay yon krèm”.

Pi lwen, Norbrun te eksplike wòl krèm lan epi nan ki peryòd medam oubyen mesye yo kapab remake l. “Krèm sa se tout debri vajen an li elimine. Fi souvan remake l kèk jou avan yo gen règ yo. Sekresyon nòmal vajen an varye selon sik la pa egzanp nan moman ovilasyon l li konn bay yon glè ki tankou blan ze”.

Toutfwa, gen fi ki konn panse se enfeksyon yo genyen lè yo wè krèm sa epi bwè antibiyotik. Doktè a fè konnen pratik sa danje pou medam k ap fè sa yo pandan l mansyone siy ki ka di yon fi gen enfeksyon. “Depi w wè vajen an bay yon sekresyon ki gen aspè krèm ki vèt, jòn, ki bay sant e ki akonpanye de lòt siy tankou enflamasyon, doulè nan rapò seksyel se enfeksyon pa bakteri anpil fwa. Depi w wè l bay yon sekresyon ki tankou lèt kaye se enfeksyon pa yon chanpinyon.”

Pou fini, Kerry Norbrun te eksplike tèm medikal yo nan sa k gen pou wè ak likid vajen fi ap bay. “Vajen an gen yon ansanm de gland, tout bay likid k ap sot nan vajen yo, yo asimile l a yon tèm medikal yo rele sekresyon vajinal oubyen pèt vajinal, an fonksyon de karakteristik yo tankou koulè, kantite, sant a konsistans yo w ap konnen si yo nòmal ou pa, men genyen ki gen non pwòp tankou likid ki pemet librifye vajen an lè fi an eksite ki koz li mouye an rele siprin, ki melanje a pwodui deskwamasyon vajen an ki ba l aspè krèm sa nou rele krem bouboun nan.”

Èske <<krèm bouboun>> se prèv yon fi p ap twonpe yon gason? Doktè Kerry Norbrun ap eksplike

Dekouvri plis:

Cristiano Ronaldo claque un quadruplé et offre la victoire à Al-Nassr en Saudi Pro League

2 Comments

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

«hyménoplastie», yon operasyon medikal ki ka pèmèt yon fanm rejwenn vijinite l si l te getan pèdi l. Imenoplasti (Hyménoplastie) se yon operasyon medikal...

An kreyòl

Dekouvri ak doktè Kerry Norbrun kisa ki “syndrome de la personne raide”, yon maladi ra atis Céline Dion ap fè fas ak li. Atis...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...