Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Moïse Jean Charles mande tout moun nan 4 kwen peyi a pou chavire Ayiti tèt anba

Moïse Jean Charles mande tout moun nan 4 kwen peyi a pou chavire Ayiti tèt anba
Crédit photo : lescientifique.org
Getting your Trinity Audio player ready...

Lidè Pitit Desalin lan, Moïse Jean Charles, mande tout moun nan 4 kwen peyi a pou chavire Ayiti tèt anba.

Lidè pitit Desalin lan, Moïse Jean Charles, te pran beton an jodi lendi 29 janvye a nan vil Okap ak patizan l yo, pou mande depa premye minis Ariel Henry nan tèt peyi a. Ansyen senatè Nò a pa t met dlo nan bouch li pou mande popilasyon an revolisyone pou kapab chavire peyi a. Li menm ale pi lwen pou l mande moun yo kraze peyi a, li ap ede yo refè l depi chèf Primati a kite pouvwa l ap dirije a.

“Sa k pral pase Okap, lemond antye pral tire leson. E m mande moun yo, yo mèt kraze peyi a m ap ede yo refè l depi Ariel pa nan tèt peyi a”, se deklarasyon ansyen kandida pou pòs prezidan an nan mikwo kèk jounalis pandan l te sou pakou kote manifestasyon an t ap dewoule.

Manifestasyon sa te chaje anpil moun ki t ap lanse anpil pawòl piman bouk kont Ariel Henry ak tout manb ki nan pouvwa anplas la. Yo te fè divès zòn nan vil Okap epi te jwenn kèk obstak sou wout yo tou. Enfòmasyon fè konnen lapolis te tire gaz jistan foul la ta pral gaye men sa pa t anpeche manif lan kontinye.

Nan mesaj final la, Moïse Jean Charles pa t chanje diskou revolisyonè li nan mande moun yo chavire peyi a nan men Ariel Henry. “Pou mwen menm aprè m fin pale la, pou tout moun nan kat kwen peyi a chavire Ayiti tèt anba.”

Pi lwen nan diskou l la, li fè konnen li kontan li wè moun plizyè kote anndan peyi a kanpe ap mobilize pou mande depa Ariel Henry. Li ajoute pou l di popilasyon pa dwe kanpe sèlman men se mete Ariel Henry an defi pou l pa ret anndan peyi a.

Moïse Jean Charles ensiste sou bloke peyi a, li mande tout moun pou bloke katye kote yo ye, yon fason pou deboulonnen Ariel Henry sou pouvwa a. “Demen maten katye kote w ye a bloke l jiskaske Ariel Henry kite peyi a. Se sa m te vle di nou jodia.”

N ap raple w pou jounen 29 janvye sa, plizyè kote nan peyi a te gen mobilizasyon. Vil Okap, Okay, Miragwàn, Wanament, Twoudinò elatriye. Nan Pòtoprens te gen grèv ki pa t vrèman respekte men lari a te timid pandan ke nan Mibalè moun t ap mache pou kouran ki kòmanse ra nan vil sa.

Moïse Jean Charles mande tout moun nan 4 kwen peyi a pou chavire Ayiti tèt anba

Crédit photo : lescientifique.org

À lire aussi :

Le CARDH annonce la reprise partielle de ses activités

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Conseil présidentiel de transition : le surprenant revirement du leader de Pitit Desalin, Moïse Jean Charles.   Très...

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Le Premier Ministre serait sur le point de démissionner, Moise Jean Charle propose la création d’un Conseil Présidentiel...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... L’ancien Sénateur Moïse Jean-Charles prône la violence révolutionnaire pour renverser le gouvernement en place dirigé par le docteur...

Économie

Getting your Trinity Audio player ready... Qu’est devenu le projet monnaie électronique “Bitgoud” de Moïse Jean Charles? Lors d’une conférence de presse en mai...