Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ayiti – eleksyon: Moïse Jean-Charles voye jete deklarasyon Core Group

Jean-Charles Moïse - Ayiti - eleksyon: Moïse Jean-Charles voye jete deklarasyon Core Group

Apre Core Group fin soti yon kominike 25 novanm pase a pou kontinye ap presire pouvwa an plas la pou òganize eleksyon prese prese, plizyè sektè ak lidè politik kontinye kritike pozisyon kominote entènasyonal la nan jan yo ap entèvni sou politik anndan peyi a.

Se nan sans sa, sou Twitter, lidè Pitit Desalin lan, Moïse Jean-Charles voye jete an touch pozisyon Core Group la atravè yon mesaj li pbliye a 2 zè 22.

Ansyen kandida pou pòs prezidan an fè konnen peyi a po ko pare pou koze eleksyon paske daprè li gon kriz sosyoekonomik, ensekirite planifye ki enpòte ak enstisyonalize peyi a ap fè fas.

Pi lwen, li fè konnen Leta a pèdi kontwòl peyi a. Fas ak tout sa l rale yo, li baze sou yo pou l voye jete pozisyon kò gwoup k ap mande eleksyon.

Lidè a ki pa twò danse kole ak kèk manb nan lòt branch opozisyon an di li apiye rezolisyon 21 dawout la pou g on tranzisyon anndan peyi a. Pandan l fini pou l di “Aba Enjerans”.

N ap raple Core Group la gen ladan l Anbasadè Almay, Brezil, Kanada, Espay, Frans, Inyon Ewopeyèn, reprezantan espesyal OEA, reprezantant espesyal sekretè jeneral Nasyonzini.

En savoir plus :

3 milyon Ayisyen ap viv san “batistè” daprè Direktè Achiv Nasyonal la

Plus de contenu

Économie

Qu’est devenu le projet monnaie électronique “Bitgoud” de Moïse Jean Charles? Lors d’une conférence de presse en mai 2021, le leader de Pitit Desalin,...

Éphéméride

« Un peuple sans mémoire est un peuple sans avenir », disait Aimé Césaire. Voici les éphémérides pour ce 10 novembre 2022. 10 novembre...

Actualités

Jean Charles MOÏSE lance un appel incendiaire contre les banques y compris la BRH, « N’ap boule yo », répondent ses partisans. Dans la...

Politique

Élections, sécurité et dialogue, au cœur d’une recontre entre le Premier ministre haïtien et la secrétaire d’État adjointe américaine aux opérations de conflit et...