Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

“Pou mwen, li klè mwen viktim yon tantativ asasina”, deklarasyon mèt André Michel

Élections en 2021:Jovenel Moïse a menti à l'internationale, selon André Michel
Photo : Ody Bien-Eugène
Getting your Trinity Audio player ready...

“Pou mwen, li klè mwen viktim yon tantativ asasina”, se sa mèt André Michel deklare anndan yon nòt li mete deyò aprè ensidan ki rive a.

Rezo sosyal yo te cho maten an ak enfòmasyon ki te lèse kwè pòt pawòl SDP a, André Michel, ta sibi agresyon fizik yè swa anndan yon otèl nan Petyonvil la, kèk èd tan aprè pil pale sa yo ki te gen sou rezo a, konsène a  soti yon nòt pou eksplike sa k pase a epi fè konnen li viktim yon tantativ asasina pandan li rasire li anfòm kou bas, l ap kontinye lite ak gwoup moun ki kraze peyi a pou jistan mayi mi.

André Michel kalifye aksyon sa de yon tantativ asasina. «Yo te vle etenn souf mwen. Tout moun konnen mwen toujou gen menas sou vi m, menm jan lòt dirijan SDP yo gen anpil menas sou tèt yo. Li klè kou dlo kòk yo te gen yon plan lanmò pou mwen», deklarasyon André Michel ki souliye tou se lidèchip li ki fè l sove anpil vi yè swa.

Mèt André Michel konfime li t ap pran plezi l ak kèk zanmi menm kan li pa revele nan ki espas. «Nan kad libète m, nou te plizyè zanmi ansanm ki t ap jere yon pastan nan yon anbyans sivilize ak senpatik epi amikal», selon sa mèt la eksplike. 

André Michel fè konnen li te 2 è lè gwoup sa ki t ap pran anbyans lan deside kite espas sa epi selon sa l eksplike, 10 jèn gason milat agrese li vèbalman. Daprè eksplikasyon mèt la, moun sa yo repwoche l, li pa vle kite peyi a mache, se pa PHTK ki kraze peyi a men se li ak gwoup moun li yo.

Opozan fawouch rejim PHTK a fè konnen li pa t pran nan pwovokasyon gwoup milat sa yo epi l te mande ak ekip sekirite pou gade kalm yo. Li konfime gen kèk boutèy ki voye selon sa l di ki lakoz kèk moun blese. Mèt la fè konnen li anfòm kou bas epi fè konnen l ap kontinye batay ak moun sa yo ki daprè li kraze peyi a pandan l te tou pwofite remèsye sekirite l yo li di ki pwoteje l jan sa dwe ye.

Mèt la anndan nòt sa rete kwè se konpòtman l ki fè jodia advèsè l yo pa fè fèt epi fè l pase pou asasen. «Sila ki kite moun mete yo devan pou vini agrese m nan gen yon fanmi, yo se ayisyen menm jan ak mwen malgre se ti wouj yo ye, se frè m yo ye. Si mwen te kite moun ki te ak mwen yo aji, fanmi moun sa yo te kapab nan lapenn jodia. Mwen pa t vle sa».

Manb SDP a voye eskiz li bay moun ki te twouve yo nan espas la men diskisyon sa yo deranje epi voye eskiz li tou ak moun ki viktim yo pandan l konkli pou di batay lan p ap kanpe malgre menas ak entimidasyon epi fè konnen se rekonsilyasyon peyi a bezwen pa dwe gen batay ant nèg nwa à milat.

Élections en 2021:Jovenel Moïse a menti à l'internationale, selon André Michel

Photo : Ody Bien-Eugène

En savoir plus:

Un député britannique démissionne pour avoir visionné du porno au parlement

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Militan pati dèyè avoka André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste antèman jounalis Lilianne...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Mèt André Michel fè konnen «Malfektè» pirate kont Twitter li, li pral ak dosye a DCPJ pou konn...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) a distribué des produits alimentaires à plus de 1 000 familles dans...