Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Nérilia Mondésir deklare Jamayik lagè nan match aswè a

Nérilia Mondésir deklare Jamayik lagè nan match aswè a

Nérilia Mondésir deklare seleksyon Jamayik lan lagè pou match k ap fèt aswè a.

Aswè a seleksyon feminen an gen yon dènye match li gen pou l jwe nan kad dènye tou Concacaf Women Championship (CWC) ki se eliminwa zòn lan pou mondyal 2023 nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann. Jounalis espòtif Jean Pierre Étienne rapòte deklarasyon Nérilia Mondésir apwopo de rankont sa ki trè enpòtan pou seleksyon an.

Nérilia Mondésir k ap jwe an Frans nan ekip Monpelye a fè konnen li p ap pale de revanch men yo pral fè tout sa k posib pou bat match sa li konsidere kòm yon gè. “M pa pral pale de revanch paske m pa t nan match 2018 la. Nou pral fè tout sa k posib pou nou bat Jamayik. Nou pa pral panse match nil. Nou prale pou nou genyen match la. Match sa, se pral yon gè”, se konsa grenadyè a te reyaji.

Nan dènye faz sa, Ayiti te pèdi pou premye soti yo 3-0 kont Etazini. Yo ta pral reprann yo kont Meksik ak yon viktwa istorik 3-0. Jodia yon match nil bon pou ekip la ki ap pèmèt li pran yon plas pou ale patisipe nan mondyal la.

Mondyal feminen an ap fèt an 2023 nan 2 peyi ki se Ostrali ak Nouvèl Zelann. L ap koumanse 20 jiyè pou bout 20 out. Se pral nevyèm edisyon konpetisyon sa k ap jwe nan 12 estad.

Nérilia Mondésir deklare Jamayik lagè nan match aswè a

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce lundi 11 juillet 2022

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Barrages de la Gold Cup féminine: Nérilia Mondésir rate un pénalty, la sélection nationale haïtienne éliminée après sa défaite face au Porto-Rico (1-0). Le...

Sports

Coupe du monde féminine: Nérilia Mondésir figure dans la liste des joueuses ayant fait le plus grand nombre de dribbles réussis.   La neuvième...

Sports

Montpellier s’impose en déplacement contre Guingamp (1-4), la grenadière Nérilia Mondésir buteuse. Montpellier s’est promené à Guingamp le samedi 15 octobre 2022 (1-5), à...

Sports

D1 Arkema: l’internationale haïtienne Nérilia Mondésir est très brillante en ce début de saison avec son club Montpellier. L’internationale haïtienne Nérilia Mondésir a encore...