Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Nofraj bato Etwal briyan: Plizyè sivivan, rechèch yo ap rapousib

Lagonav: Yo koumanse jwenn moun ki te sou bato "Etwal Briyan" an

Yatch “Etwal Briyan” koule yè samdi 15 me a nan aprèmidi sou zile Lagonav avèk 20 pasaje ladan l kapitèn bato a.

Selon dènye enfòmasyon ki rive nan redaksyon nou, Yatch sa te kite zòn Karyès depi 5 è nan aprèmidi avèk anviwon 20 moun pa t janm rive sou Waf Ansagalè a.

Sa ki ta pral kreye anpil enkyetid melanje ak kè sote lakay anpil moun sitou pwòch moun ki te ap fè vwayaj sou bato sa.

Touswit apre nouvèl disparisyon Yatch sa, yon elikoptè te getan vole byen ta yè samdi a sou lanmè a pou ta kapab wè si li te ka repere Yatch Etwal Briyan an.

Rechèch yo toujou ap kontinye sou tout kot akaden an. Selon dènye nouvèl yo, yo jwenn 10 moun, pami yo 7 vivan ki te sou Yatch la ak 2 mò. Jiskounya rès moun yo disparèt poko gen tras yo nan moman nou t ap ekri atik la.

Malgre nofraj sa, sa pa t anpeche kèk moun getan rive sou Waf la pou fè vwayaj sou bato.

Dekouvri plis:

Woodly Ethéart alias Sonson La Familia arrêté en République dominicaine

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Nécrologie

Funérailles des 11 femmes et filles décédées lors du naufrage survenu le 12 mai à Porto-Rico Les funérailles des 11 haïtiennes décédées lors du...

Actualités

Le premier ministre Ariel Henry est bouleversé par la mort des 11 Haïtiens dans le naufrage du bateau à Porto-Rico Un bateau transportant des...

Circulation

Haïti-Accidents: 201 victimes pour la période allant du 25 octobre au 7 novembre 2021 L’Organisation Non Gouvernementale, STOP-Accidents dit avoir enregistré 32 morts et...

Actualités

Naufrage du bateau Eclésiaste: Le Premier Ministre Ariel Henry présente ses condoléances aux familles des victimes. Le bateau Eclésiaste assurant le trajet Anse-à-Pitre/Marigot a...