Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Nou Pap Konplis salye travay sètifikasyon CSPJ mennen nan aparèy jistis ayisyen an

Nou Pap Konplis salye travay sètifikasyon CSPJ mennen nan aparèy jistis ayisyen an
Getting your Trinity Audio player ready...

Nou Pap Konplis salye travay sètifikasyon CSPJ mennen nan aparèy jistis ayisyen an.

Nan yon nòt pou laprès li sòti nan dat 16 janvye 2023 a, Nou Pap Konplis aplodi pase men Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a fè nan sistèm jistis peyi a. CSPJ sòti remèt Ministè jistis yon lis 30 jij ki pa kalifye pou kontinye travay nan aparèy jistis ayisyen an.

« Nou Pap Konplis bat bravo lakontantman pou CSPJ a ki rive fè yon gwo pase men nan aparèy jidisyè a lè yo rive netwaye plizyè dizèn jij ki pa dwat andan enstitisyon an, sa pwouve aklè malgre tout jij nou konnen ki kowonpi andan aparey jistis la te gen kèk grenn ki dwat toujou e ki fè lonè enstitisyon an », estrikti sila ekri nan yon nòt ki pote siyati Ricardo Fleuridor ak Jonathan Reno.

Nou Pap Konplis di li swete pou travay komisyon sa fèt pi souvan nan ekite ak san pas pouki. Sa ki kapab pèmèt, dapre li, « pou refè figi lajistis la ki t ap vann nan lari 2 pou 15 depi kèk tan andan peyi a ».

Pi lwen, Nou Pap Konplis mande pou CSPJ remèt lajistis lis non jij prezime kowonpi ak abitrè sa sa yo ak sa yo repwoche yo devan lajitis ak lapolis. Sa k ap pèmèt lajistis tande yo de sa yo repwoche yo a epi pou bonjan limyè rive fèt sou sa yo repwoche yo a, dapre regwoupman sila.

Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Émmelie Prophète Milcé, resevwa semèn sa lis jij sètifye ak sila ki pa sètifye nan men CSPJ pare li fin mennen operasyon sètifikasyon nan aparèy jistis peyi a. Nan lis sa, gen 31 jij ki sètifye alòske 30 lòt pa sètifye. Pou dezyèm gwoup la, laplipa nan fonksyonè sa yo pa gen entegrite moral oubyen yo manke kalifikasyon akademik, elatriye.

Nou Pap Konplis salye travay sètifikasyon CSPJ mennen nan aparèy jistis ayisyen an

Dekouvri plis:

Figurée dans le Top 16 du concours Miss Univers, Mideline Phelizor reçoit les compliments du ministère du tourisme

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Me Paul Pierre démissionne de son poste de Juge et Juge d’instruction au Tribunal de Première Instance de...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le CSPJ retient une liste de 30 magistrats certifiés et 12 autres non certifiés À la suite de...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... L’ANAMAH félicite le Conseil Supérieur du Pouvoir Judiciaire pour la poursuite du processus de certification des magistrats. À...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le MJSP ainsi que le Conseil Supérieur du pouvoir Judiciaire ont lancé les sièges criminels et correctionnels au...