Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele “Ann Chante Kreyòl”

L'oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele "Ann Chante Kreyòl"

Pou valorize lang kreyòl la, L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele “Ann Chante Kreyòl”.

L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki batize “Ann Chante Kreyòl”. Konkou sa ap kòmanse 14 avril pou l bout 16 jen 2023. Selon responsab yo, objektif la se pou valorize lang lan, fè pwomosyon pou jèn atis yo epi montre talan jèn yo nan Kominote Kafou a. Se elèv ki nan nouvo segondè responsab yo sable kòm piblik kote moun ki chanpyon an ap genyen 30 mil goud.

Pwojè sa demare lane pase nan komin Kafou kote 12 elèv ki te soti nan 6 lekòl te arive patisipe. Jan nou di pi wo a, konkou sa se pou pèmèt plis jèn ekspoze talan yo anndan komin sa ki twouve l nan rantre Sid kapital Ayisyèn lan.

Pou dezyèm edisyon an, responsab konkou chante sa ki pote ane a pa 2 responsab kiltirèl ki se Oriol Antoine et Jean Rony Charles, mete kanpe plizyè objektif pami yo: kreye espas pou atis yo alonè, ekspoze yo bay piblik la nan komin lan, akonpaye gayan yo pou yo kapab lanse karyè atis yo nan endistri mizikal Ayisyen an.

Premye pri a se 30 mil goud, dezyèm lan ap jwenn 20 mil pandan ke twazyèm gayan an ap genyen 15 mil goud. Aprè konkou a, responsab yo espere timoun sa yo ka ekri Kreyòl byen epi kapab konpoze yon tèks mizikal byen.

Dewoulman an ap konsa kote aprè enskripsyon, kandida yo kenbe aprè odisyon yo pral afwonte pandan 9 seyans. Premye rive 30 mas se enskripsyon yo, 3 jiska 4 avril se odisyon yo. 5 avril, lis kandida ki kenbe yo ap pibliye, 8 avril reyinyon ak kandida yo, 10 avril konkou a ap lanse, 14 avril ap kòmanse gen afwontman epi 16 jen konkou a ap fini pandan final la.

Pandan konkou sa, yo fè ak finalis yo fòmasyon sou teknik vokal, atelye ekriti nan lang kreyòl ak yon atelye nan konpozisyon lirik.

Yon moun ki lekòl Kafou, ki nan nouvo segondè, ka louvri lyen sa pou enskri https://surveyheart.com/form/640b6e6a78c6d8087fdad9e3

L'oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele "Ann Chante Kreyòl"

Dekouvri plis:

L’ONU s’est penché sur la réforme du secteur de la sécurité en lien avec des opérations de paix

1 Comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

‏Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl: Yon gwoup jèn kreye yon sit rechèch ki gen 10 mil mo, 1 800 pwovèb ak 12 nosyon...

Aktyalite AN KREYÒL

Lopital « Maternidad Nuestra Señora de la Altagracia » nan Santo Domingo itilize lang kreyòl pou oryante pasyan yo. Pou ede resòtisan ayisyen yo...

Éducation

Drid Antrepriz lanse yon konkou jeni k ap fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an. Nan kad yon konferans pou laprès lendi 27 jen an,...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon konferans deba te òganize jodi mèkredi a ak plizyè etidyan fakilte Lengwistik sou lang Kreyòl Ayisyen an. Anbasad Lespay an Ayiti nan tèt...