Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon gwoup jèn kreye yon sit rechèch ki gen 10 mil mo, 1 800 pwovèb ak 12 nosyon sou lang kreyòl la

Yon gwoup jèn kreye yon sit rechèch ki gen 10 mil mo, 1 800 pwovèb ak 12 nosyon sou lang kreyòl la

‏Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl: Yon gwoup jèn kreye yon sit rechèch ki gen 10 mil mo, 1 800 pwovèb ak 12 nosyon sou lang kreyòl la

7 jèn mete tèt yo ansanm yo kreye yon sit rechèch pou kapab pote patisipasyon pa yo nan fè pwomosyon pou lang kreyòl la. Sit la te devwale yè samdi 28 oktòb la nan okazyon jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl la. Pwojè sila se inisyativ Philistin Johndy Lens ki se youn nan responsab Smartworker Corporation. Sit sa lanse ak 10 mil mo, 1 800 pwovèb ak 12 nosyon sou lang lan kote lè entènot yo fè rechèch y ap ka jwenn definisyon sou yo. Lyen sit la se langkreyolla.com

Téléchargez la toute dernière application de Juno7, disponible sur Android et iOS, pour rester informer des dernières actualités d’Haïti 24/24 et ne manquer aucun scoop. 👉 onelink.to/hsbpmc

“Lide pwojè sa sòti depi mwen te nan klas segonn (S2). Mwen te gen anpil difikilte pou mwen fè yon devwa an kreyòl paske pa t gen anpil resous an kreyòl disponib sou nèt la. Anpil fwa m te konn oblije fè kèk rechèch an fransè epi tradui sa m jwenn nan. Dèfwa tou, m konn paka jwenn anyen paske tèm devwa konn lye dirèkteman avèk lang kreyòl la.

Fas a tout difikilte sa yo, mwen te di tèt mwen fòk mwen bay lang kreyòl la enpòtans ke li merite an, fòk mwen bati yon pwojè kote moun ap ka konn lang lan pi byen epi fè rechèch nan lang lan. Men lè sa m pat gen ni konpetans ak resous nesesè yo, Sepandan m pa t bay vag. Mwen chache resous ak konpetans sa t ap mande pandan 4 lane pou mwen resi abouti ak pwojè a jodi an, pou mwen bay lang kreyòl lan enpòtans ke l merite”, se detay Philistin Johndy Lens bay ak Juno7.

Pi fò mo ki sou sit la, gwoup jèn yo pran yo nan diksyonè Vilsen. Si ide pwojè sa la depi 4 lane, Philistin Johndy Lens fè konnen travay la te kòmanse 4 mas ki sot pase a. Li fè konnen tou, yon moun fasil pou fè rechèch sou sit la. “Li trè senp pou ou itilize platfòm nan epi gen videyo titoryèl sou li sou kòman pou ou itilize l.

Siw bezwen chache yon mo w ap monte sou https://langkreyolla.com/diksyone.php Pakont si moun nan bezwen chache yon pwovèb l ap monte sou https://langkreyolla.com/pwoveb.php Si moun nan bezwen chache yon nosyon nan règ kreyòl la tankou diferan pwennvi yon naratè nan yon tèks oswa kisa yon mo teknik ye l ap monte sou https://langkreyolla.com/lis-reg.php

Sa se pwojè pilòt la men se yon pwojè lontèm kote chak jou ki jou gwoup jèn sa yo konte ajoute plis mo ak pwovèb sou sit la. “Nou konte mete mo chak semèn ke Bondye mete. Anplis janm te di an, si yon moun fè yon rechèch li pa jwenn li epi li siyale l, n ap ajoute l nan 5 jou pou pi plis. Kidonk, sit la ap trè aktif, nou p ap sispann antre nouvo mo, pwovèb ak nosyon.”

Philistin Johndy Lens ensiste pour l estaf la vle bay lang kreyòl la plis enpòtans sou entènèt la. “Nou vle pou gen plis done an kreyòl sou nèt la epi pou moun kapab fè rechèch an kreyòl san l pa oblije pase pa lòt lang.”

Li pwofite entèvyou sa pou li lanse yon apèl ak tout moun ki renmen lang kreyòl la epi ki ta entèrese vin yon redaktè pou platfòm nan. “Moun sa yo ap gen tach ekri nouvo mo, pwovèb ak nosyon sou kreyòl la. Si nou jwenn ase moun, depandamman de background yo, aprè kèk ane ou pa janm konnen si w p ap ka chache yon nosyon matematik, biyoloji oswa nenpòt lòt filyè an kreyòl sou platfòm langkreyolla.com.”

Moun ki kreye platfòm sa se Philistin Johndy Lens, Augustin Whitchy, Georges Jonathan, Fanfan Carl Olivier, Mereus Momnsen, Alcéro Amariah Taylor ansanm ak Cledanor Gregory.

Yon gwoup jèn kreye yon sit rechèch ki gen 10 mil mo, 1 800 pwovèb ak 12 nosyon sou lang kreyòl la

Dekouvri plis:

Mic-O et BIC mettent en valeur les femmes haïtiennes via le morceau “Chimen Paradi”

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Pou valorize lang kreyòl la, L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele “Ann Chante Kreyòl”. L’oriol Prodz...

Aktyalite AN KREYÒL

Lopital « Maternidad Nuestra Señora de la Altagracia » nan Santo Domingo itilize lang kreyòl pou oryante pasyan yo. Pou ede resòtisan ayisyen yo...

Éducation

Drid Antrepriz lanse yon konkou jeni k ap fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an. Nan kad yon konferans pou laprès lendi 27 jen an,...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon konferans deba te òganize jodi mèkredi a ak plizyè etidyan fakilte Lengwistik sou lang Kreyòl Ayisyen an. Anbasad Lespay an Ayiti nan tèt...