Connect with us

Hi, what are you looking for?

Éducation

Drid Antrepriz lanse yon konkou jeni k ap fè pwomosyon pou lang kreyòl la

Drid Antrepriz lanse yon konkou jeni k ap fè pwomosyon pou lang kreyòl la

Drid Antrepriz lanse yon konkou jeni k ap fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an.

Nan kad yon konferans pou laprès lendi 27 jen an, nan lokal BANJ, Antrepriz Drid (Drid’entreprise) lanse premye edisyon “Jeni Drid m ap eple mo kreyòl” ki se yon konkou ki la pou bay lang kreyòl la jarèt daprè eksplikasyon responsab yo. Konkou sila ap fèt anba tèm: “lang mwen se orijin mwen”.

Drianca Derice ki se Prezidant Direktris Jeneral enstitisyon an ki t ap entèvni nan konferans lan fè konnen konkou sa se yon konkou ki baze sou epelasyon mo kreyòl yon fason pou ogmante vokabilè kreyòl lakay timoun yo. “Li pral pèmèt timoun yo fè konesans avèk vokabilè mo kreyòl, konnen enpòtans kreyòl la epi vann imaj kreyòl la yon lòt jan nan sosyete a”.

Responsab la fè konnen rezilta y ap ret tann aprè konkou sa se fòme modèl pou lòt moun, kreye jèn lidè epi chanje pèsepsyon ayisyen sou lang kreyòl la. “Se nou menm ki pou pouse kreyòl la pi devan, se nou menm ki pou rann peyi a devlope atravè lang lan”, deklarasyon Drianca Derice.

Avan dewoulman konkou a, patisipan yo ap benefisye 3 fòmasyon si n kwè Drianca Derice. “Premye fòmasyon sou istwa ak enpòtans lang kreyòl la nan endepandans peyi nou. Dezyèm fòmasyon ki ap gramè, fonetik, fonèm, vokabilè. Epi twazyèm fòmasyon an se fè yon Evaliyasyon ansanm avèk timoun yo”.

Ap gen 5 seyans nan konkou sa. Premye seyans lan ap fèt 22 jiyè epi dènye seyans lan ki se final ap fèt 19 out. Seyans yo ap dewoule chak vandredi nan lokal BANJ lan nan Dèlma 66.

Aprè konkou a, antrepriz la ap rekonpanse 3 premye gayan yo. Moun ki premye a ap jwenn 40 mil goud, kit eskolè konplè, plak ak meday. Dezyèm lan ap jwenn 25 mil goud, kit plak ak meday. Twazyèm lan ap benefisye 10 mil goud, kit eskolè konplè, plak ak meday. Epi kado pou ankouraje chak patisipan yo ak kit eskolè ki pa konplè.

Konkou a lanse pou timoun ki gen 8 lane pou 15 lane, y ap pran pou pi plis 50 timoun pou konkou sa. Enskripsyon yo koumanse depi kounya epi ap bout 10 jiyè. Yon moun ki swete patisipe ap peye mil goud epi kapab rele nan 4235-8780/4878-4254.

Drid Antrepriz lanse yon konkou jeni k ap fè pwomosyon pou lang kreyòl la

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 2 juillet 2022

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

‏Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl: Yon gwoup jèn kreye yon sit rechèch ki gen 10 mil mo, 1 800 pwovèb ak 12 nosyon...

Aktyalite AN KREYÒL

Pou valorize lang kreyòl la, L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele “Ann Chante Kreyòl”. L’oriol Prodz...

Aktyalite AN KREYÒL

Lopital « Maternidad Nuestra Señora de la Altagracia » nan Santo Domingo itilize lang kreyòl pou oryante pasyan yo. Pou ede resòtisan ayisyen yo...

Aktyalite AN KREYÒL

Yon konferans deba te òganize jodi mèkredi a ak plizyè etidyan fakilte Lengwistik sou lang Kreyòl Ayisyen an. Anbasad Lespay an Ayiti nan tèt...