Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Plizyè òganizyon nan sosyete sivil la lanse 2 jounen mach pou 14 ak 15 fevriye

Plizyè òganizyon nan sosyete sivil la lanse 2 jounen mach pou 14 ak 15 fevriye

Nan yon konferans pou laprès ki bay jodi vandredi 12 fevriye a, nan jaden Radyo tele Kiskeya, anpil òganizasyon nan sosyete sivil la mele ak sektè sendikal la, lanse 2 jounen mach nan lari Pòtoprens, pou di non ak Diktati yo estime gouvènman an plas la ap aplike nan desizyon l ap pran.

Devan anpil militan, inisyatè yo te pwofite pou denonse zak diktati ke pouvwa ap fè sou popilasyon an. Georges Wilbert Franck ki se youn nan inisyatè mach sa te pwofite pou l denonse konpòtman entènasyonal la k ap sipòte pouvwa sa ak gang ki mete tèt yo ansanm pou teyorize popilasyon an, selon sa l di

“Nou konstate batay zansèt nou yo te mennen an fè enperyalis yo fache. Pa gen moun ki ka konprann kòman BINUH ap fè pwomosyon pou gang federe yo nan peyi a. Chak jou OEA ap sipòte yon pouvwa k ap mete pye sou kou nou. Nou p ap dakò okenn pouvwa bout di vin enstale nan peyi a. Nou menm pèp ayisyen 14 ak 15 fevriye nou pral pran responsabilite nou. Nou vle viv tankou moun”, deklare Georges Wilbert Franck.

Dominique St Eloi ki se reprezantan sektè sendikal la bò kote pa l envite tout sektè nan lavi nasyonal la pou vin mache pou lavi.

“Nou fè yon apèl ak mobilizasyon, kèlkeswa moun ou ye a, pou nou vin pote kole pou nou mache pou nou di non ak vyolans sou fanm, sou jounalis, ak sou militan yo. Ouvriye, peyizan yo vin pote kole. Nou mande ONU, OEA ak tout òganizasyon inyon afrikèn yo pou voye je sou sa k ap pase a. Pèp ayisyen antrave anba yon diktatè ki rele Jovenel Moïse”, reyaji Dominique St Eloi.

Mach sa ki dwe fini sou plas kanapevè ap gen kòm pwen rasanbleman, Kafou Ayopò, Devan Fakilte Etnoloji, ak sou plas konstitisyon an.

Dekouvri plis:

Avòtman volontè: Doktè Kerry Norbrun ap eksplike risk ki gen nan pratik sa

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Jodi samdi 3 avril 2021 an ki make jounen nasyonal mouvman fanm ayisyèn, anpil òganizasyon feminin melanje ak plizyè  lòt kouch anndan sosyete a...

Aktyalite AN KREYÒL

Jan sa te deja anonse pa plizyè sektè anndan sosyete a, premye jounen manifestasyon  kont kidnapin ak diktati epi pou mande respè konstitisyon an,...

Aktyalite AN KREYÒL

Jodi a nan kad mach ki t ap fèt nan kapital la gen yon jès senbolik ki make lanmou ki fèt kote plizyè moun...

Aktyalite AN KREYÒL

Jodi mèkredi 10 fevriye 2021 an, nan kad yon mach ki te òganize nan kapital ayisyèn lan pou denonse konpòtman diktati anpil sitwayen estime...