Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Avòtman volontè: Doktè Kerry Norbrun ap eksplike risk ki gen nan pratik sa

Avòtman volontè: Doktè Kerry Norbrun ap eksplike risk ki gen nan pratik sa
Crédit Photo: medias241.com

Avòtman volontè se yon pratik anpil jèn fanm pa bò isit pran plezi fè nan objektif pou yo pa gen bebe san yo po ko prepare pou sa. Pratik sa trennen tout risk li dèyè l medam sa yo toujou inyore, se rezon Doktè Kerry Norbrun ki konsakre tan l nan fè rechèch sou medsin prevantiv te pale ak redaksyon jounal la sou pratik sa.

Plizyè faktè konn pouse fanm yo fè avòtman volontè

Plizyè bagay konn pouse medam yo fè avòtman volontè a. Tifi a konn gen 15, 16 lane epi ale nan relasyon twò bonè oubyen san pwoteksyon ki fè l tonbe ansent epi swa li avòte pou kò l san paran l pa konnen oubyen sou desizyon paran l. Fò souvan, anpil fi ki avòte konn rale koze mizè peyi a oubyen plizyè yo te getan gen deja yo pa t menm ka okipe byen, yo avòte pou yo pa vin gen nouvo pitit ki ap vin anpire mizè yo. Si souvan medam yo toujou chache agiman ki fè yo fè pratik sa, doktè Kerry Norbrun eksplike konplikasyon imedya sa ka gen kay medam sa yo.

“Moun nan ka tèlman pèdi san, li ka menm pèdi lavi l de yon anemi grav. Sa k bay emoraji an se yon avòtman enkonplè, matris la ka twò lach, blesi nan kòl matris la, si rès bebe an ret anndan moun nan”, eksplike Norbrun.

Espesyalis nan medsin prevantiv la te kontinye ak konplikasyon imedya yo pou fè konnen matris fi a ka pete jan moun k ap ede l avòte a itilize metòd yo

“Matris la ka pete selon metòd yo itilize an. Anpil nan nou konnen gen kote se fè sèso yo antre anndan fi an pou rale timoun lan, sa ki konn tchake matris li, ou getan imajine kantite san moun sa pèdi avèk risk pou l fè yon enfeksyon grav, ki ka menm atenn tout kò moun lan epi kapab touche anpil lòt ògàn ak koze lanmò l”.

Gen konplikasyon medam yo ap jwenn nan ta

Si gen konplikasyon imedya medam yo jwenn nan koze avòtman volontè a, doktè Kerry Norbrun fè konnen gen konplikasyon ki vini nan ta kote l te eksplike yon bagay ki rele “Syndrome du 3e jour”

“Sendwom du 3e jou ki lye avèk metòd aspirasyon an. Tankou yo aspire bebe an nan vant fi an, moun nan vin gen vant fè mal, l ap pèdi san, gen fyèv elatriye”, eksplike Kerry Norbrun.

Doktè Kerry Norbrun te rale plizyè pwoblèm fi a ka gen nan ta tankou rès plasennta ka ret anndan fi an epi l ap bay anpil san epi koze gwo vant fè mal. Koze avòteman an kapab fè fi a pa janm ka fè pitit ankò, fi a ka viktim tou yon “Béance du col” kote matris la pa ka kenbe pitit, daprè eksplikasyon Kerry Norbrun.

Kisa lalwa bò isit di sou sa?

Nan yon ti pale ak God Ismaly Previlon ki se yon jèn avoka nan bawo Pòtoprens, fè konnen kòd penal ayisyen ki an vigè a nan atik 262 konsidere avòtman kòm yon krim

“Kòd penal an vigè a nan atik 262 konsidere avòtman tankou yon krim. Medsen ak chalatan ki ap okipe yo de moun k ap avòte ap fè sa ilegal”.

Pi lwen nan eksplikasyon li yo, avoka a rapòte ke menm atik 262 sa prevwa pini pa reklizyon ki se yon sanksyon penal, kèlkeswa moun ki fè yon fanm avòte nan yon bagay yo ba yo manje, sa y ap ba yo bwè, medikaman, pa vyolans oubyen tout lòt mwayen yo itilize pou fè pratik sa.

Dekouvri plis:

Brutalité policière contre des journalistes: préocupée, la PNH annonce une enquête

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...