Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Lapolis kraze ak gaz mach ki t ap fèt kont gouvènman an, nan Pòtopwens

Lapolis kraze ak gaz mach ki t ap fèt kont gouvènman an, nan Pòtopwens
Foto: Richard Pierrin | Juno7

Jodi mèkredi 10 fevriye 2021 an, nan kad yon mach ki te òganize nan kapital ayisyèn lan pou denonse konpòtman diktati anpil sitwayen estime pouvwa an plas la genyen, lapolis tire anpil gaz lakrimojèn sou sitwayen ki t ap patisipe nan mach sa, menm jounalis pa t epanye anba rafal gaz sa yo ki t ap voye kote Dieu-Nalio Chéry ki se fotojounalis viktim ak yon kanmistè gaz li resevwa nan pye.

Mach sa te demare pasifikman devan fakilte Etnoloji sou channmas, pase Ri Chavàn, Tonbe sou Tijo. Rive devan BNC ki sou wout Tijo a, repòtè Juno7 te ka tande plizyè detonasyon ki te kreye anpil panik lakay foul la, ki te vin kreye yon dezòd kote plizyè manifestan te deside kalonnen bank sa ak kout wòch. Daprè plizyè temwen ki te tou pre bank lan, yo lonje dwèt sou sekirite BNC yo ki tire anpil bal pandan foul la t ap pase pasifikman.

Rive bò Natcom, foul la te detèmine epi ap avanse toujou pasifikman ak yon mobil k ap bay mizik pou ale tonbe anba limyè Lali nan objektif atenn Kafou Ayewopò. Polisye yo te kòmanse bay anpil gaz nan tout ti kwen bò Natcom, sou Lali, pou yo gaye foul la ki te kòmanse vrèman anpil parapò jan yo te kite devan fakilte Etnoloji. Pandan anpil gaz t ap tire nan tout direksyon, jounalis Dieu-Nalio Chéry jan nou mansyone sa pi wo a te resevwa nan pye l yon kout kannistè gaz. Lapolis te tire tou yon kanmistè gaz nan machin radyo tele Pasifik ki te gen ladan l plizyè jounalis ki t ap fè travay yo.

Pou denonse zak sa, jounalis yo te deside desann an mas devan Direksyon Depatmantal lapolis Lwès la (DDO), pou yo t al pote plent pou polisye sa yo ki pa t sispann bonbade yo ak gaz sou tout wout Lali a.

Rive devan DDO a, Direktè depatmantal lapolis lwès la ki se Paul Ménard te mande pou l fè ti pale ak kèk konfrè jounalis sou sitiyasyon an. Tcharly Coutin (Kanga Zile), Robest Dimanche (Radyo Zénith), Jeanty Junior Augustin, se kèk pami jounalis ki te al fè ti pale ak komisè a, pandan yo te tou pwofite depoze yon plent kont ajan sa yo ki reyaji sovajman pandan yo nan plen egzèsis fonksyon yo.

Pandan mach sa ki kraze sou Lali anba anpil gaz san pa t vrèman gen derapaj, nou te ka remake byen avan mach sa kraze prezans kèk figi pami yo Armand Joseph Jules ki toujou sou beton an nan mouvman sa yo, pwofesè Josué Merilien elatriye.

Dekouvri plis:

Le Commissaire Divisionnaire Frantz Lerebours installé à la Direction du Personnel de la PNH

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Polis Nasyonal Dayiti anonse operasyon distribisyon gaz la kòmanse nan Tèminal Vare. Nan yon nòt Biwo Kowòdinasyon près ak relasyon piblik lapolis la met...

Actualités

Le gouvernement dément les rumeurs de rareté de gaz et d’augmentation des prix du carburant sur le marché. Le bureau de Communication du Ministère...

Aktyalite AN KREYÒL

Sen Mak: Lapolis arete yon doktè chalatan nan lopital Sen Nikola. Lapolis nan vil Sen Mak poze lapat jodi madi 26 oktòb la sou...

Aktyalite AN KREYÒL

Gwo tèt chaje anba ponp ki deside bay gaz. Depi anviwon yon semèn sitwayen ki bezwen gazolin pou fonksyone pa ka jwenn li akoz...