Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

“Travay PNH la t’ap pi efikas si krim yo pat anpil”, deklare DG Léon Charles

"Travay PNH la t'ap pi efikas si krim yo pat anpil", deklare DG Léon Charles

Direktè Jeneral lapolis la, Léon Charles pran lapawòl atravè yon videyo sou paj Facebook ofisyèl enstitisyon an ki pibliye jodi vandredi 29 janvye 2021 an .

Nan kòmansman videyo sa, DG Léon Charles souliye difikilte enstitisyon an twouve lakoz kèk moun k’ap gade gang k’ap fin pran peyi a .

“Jounen jodia lapolis la twouve l’ nan yon chimen jennen kote kèk moun ap founi je gade san fè anyen kont gang ki soti pou pran peyi a. Nou nan yon moman difisil kote chire pit politik la pa favorize travay lapolis la”, deklare Léon Charles.

Pi lwen, mesye Léon Charles kwè ke se menm chire pit politik sa ki koze alimantasyon gang yo ak zam epi vin fè PNH la ak popilasyon an ap viv gwo eprèv sa yo

“Konsa lapolis la ak tout sosyete a ap viv de gwo eprèv akoz alimantasyon gang yo ak zam epi itilizasyon yo fè avè l’ kont sitwayen yo”.

Fas ak eprèv sa yo, DG PNH la fè konnen enstitisyon l’ap dirije a konprann epi pataje doulè yo ak fanmi ki fin tonbe sou lagraba nan peye ranson ak ravisè pou yon pwòch yo ki te kidnape, pandan l’ pat kache pou l’ di travay PNH la t’ap pi efikas si pat gen tout krim sa yo .

“Travay la t’ap pi efikas si krim yo pat anpil. Li t ap pi fasil si sosyete nou an ta pi modèn. Men krim lan sòti pou l’ vin jeneral alòske li ta dwe eksepsyonèl”.

Malgre tout pwoblèm sa yo, nimewo 1 PNH la rasire sitiyasyon sa yo pa ka kraze detèminasyon lapolis la sou kòmandman pa l’ la, pandan l’voye yon avètisman pou l’ di lapolis la mobilize pou kanpe kont tout moun ki an fas lalwa .

“Lapolis la detèmine pou manyen tout moun ki kanpe an fas lalwa. Se sa n’ap fè depi 2 mwa, se sa n’ap kontinye fè paske lalwa ak pati sen nan sosyete a dèyè nou”.

DG Léon Charles te fini pou l’mande ak popilasyon an pou kolabore ak enstitisyon an, yon fason pou pèmèt sekirite blayi anndan tout peyi a.

Dekouvri plis:

BRH : une première injection de 12 millions de dollars US pour l’année 2021

Plus de contenu