Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Ralph Tedy Erol ranpòte premye edisyon konkou nasyonal Fotojounalis la

Ralph Tedy Erol ranpòte premye edisyon konkou nasyonal Fotojounalis la

Rezilta 1e edisyon konkou nasyonal fotojounalis la bay jodi lendi 3 me 2021 an, dat ki make jounen mondyal libète pou laprès.

Se nan Enstiti Fransè Dayiti (IFH) rezilta yo te bay kote Ralph Tedy Erol PDG Ted’Actu a ranpòte premye pri a. Dezyèm loreya a se Richard Pierrin k ap kolabore ak Juno7 ki se frealancer tou epi Denilson Mentor ki fini an twazyèm pozisyon. Ralph Tedy Erol ranpòte premye edisyon konkou nasyonal Fotojounalis la

Loreya konkou sa ki se Ralph Tedy Erol nan ti pale ak redaksyon Juno7 la te eksplike ak ki santiman li resevwa pri sa

“Se yon santiman devwa byen akonpli, travay byen fèt ki vin akouche sa l akouche la. Nou p ap kite sa pote n ale, se koumansman an, mwen panse a lavni nou pral patisipe nan lòt konkou entènasyonal epi gade nan ki mezi nou ka fè mye. Ranpòte konkou sa se yon lòt motivasyon li ye pou mwen…”.

Li te kontinye pou l di: “M t ap renmen pou tout fotojounalis valorize tèt yo pi plis epi tout patwon medya yo konn kisa yon fotojounalis vo pou yon medya menm jan Juno7 anplwaye Pierrin ki se dezyèm gayan konkou a, mwen t ap renmen pou lòt medya yo swiv liy sa… Fòk fotojounalis yo jwenn tout respè yo nan je popilasyon ak nan je lapolis an patikilye ki pa sispann maspinen nou anpil fwa”.

Pri piblik la se Ralph Tedy Erol ki ranpòte l tou kote sou paj Facebook K2D entènot yo te gen posiblite vote pou foto yo santi ki plis rive sou yo.

Konkou sa ki te òganize sou tèm “Les droits humains en Haïti” te resevwa 14 patisipan, se yon fason pou manb òganizatè yo valorize travay fotojounalis yo nan peyi a nan revele talan men tou fè pon ant pwofesyonèl sa yo ak lòt sektè. Rann travay moun sa yo plis rive pi lwen nan mete limyè sou yo, daprè sa Pierre Michel, youn nan responsab konkou sa te eksplike ak redaksyon an.

Manb jiri 1e edisyon an te gen ladan l Dieu-Nalio Chery, Gotson Pierre, Widlore Merancourt, Frantz Duval, Pauline Lecarpentier ak Josué Azor ki te gen an chaj chwazi loreya yo pou premye edisyon an.

Konkou nasyonal fotojounalis la se yon inisyativ Wellcom’ ak K2D ki deside bay kòm premye pri 1500 dola ameriken.

Enskripsyon an te demare 1e avril epi bout 15 avril. Vòt jiri a te demare 20 pou 25 avril. Vòt piblik la te soti 26 pou 30 avril. 3 me a rezilta yo anonse.

Dekouvri plis:

Le projet de zone franche agro-industrielle de Savane-Diane est officiellement lancé

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Nécrologie

Jounalis fotograf Wesly Gedeon mouri aprè yon aksidan moto. Jounalis fotograf Wesly Gedeon anpil moun konnen nan sektè a kòm jèn ki toujou sou...

Actualités

Dans une note de presse adressée à la population Haïtienne ce mardi 8 octobre 2019, le Mouvement PetroChallenger Nou Pap Konplis fixe sa position...

Actualités

Le samedi 19 janvier dernier marquait un double événement pour la plateforme de média en ligne Ted’Actu : son lancement officiel ainsi que son...