Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Rosemila Petit-Frère ekri Pierre Espérance pou mande l eksplikasyon sou konpòtman malfezan li di l gen kont li

Rosemila Petit-Frère ekri Pierre Espérance pou mande l eksplikasyon sou konpòtman malfezan li di l gen kont li

Rosemila Saint-Vil Petit-Frère ekri Pierre Espérance pou mande l eksplikasyon sou konpòtman malfezan li di l ap fè kont li.

Ansyen majistra Akayè a, Rosemila Saint-Vil Petit-Frère, nan yon lèt tou louvri li ekri ak direktè egzekitif RNDDH la, Pierre Espérance, jou ki te 16 mas 2023 a, mande eksplikasyon ak responsab dwa moun lan li estime ki ap sèvi ak estrikti l ap dirije a pou regle konfli enterè l gen ak moun. Madam Rosemila rete kwè mesye Espérance ap devlope epi nouri depi kèk tan move konpòtman malfezan kont li yon fason pou sal karaktè l. Pou li menm, lèt sa se yon fason pou touche konsyan dirijan dwa moun lan. Pi ba, nou ka li lèt tou louvri li adrese ak Pierre Espérance lan

Objè :Lèt tou louvri pou M. Pierre Espérance
Mesye Pierre Espérance,

Mwen se Rosemila Saint-Vil Petit-Frere. Mwen swete ou anfòm? Malgre nou youn pa janm rankontre fizikman ni vityèlman ak lòt, sa pa anpeche nou youn konnen nan ki espas politik e nan ki sektè nou Chak ap evolye. Nou senpman gen kèk zanmi ankomen e mwen toujou ekspoze yo klè kou dlo kokoye vizyon politik mwen kòm fanm. Mwen pa kwè sa ap deranje w si m raple w: mwen se yon fanm politik, mwen se yon militant pou patisipasyon politik ak respè dwa fanm, mwen se yon ansyen Majistra komin Akayè. Pou kounye a, m ap milite pou ede Peyi m rejwenn chimen nòmalite I e mwen pap okipe pyès pòs nan Administrasyon piblik la,

Mwen te toujou pa t VIe kwè lè m konn tande moun ap prezante w kòm yon pèsonaj konfliktyèl, toksik, ki sèvi ak òganizasyon dwa moun ki anba ponyèt ou an (RNDDH) pou w regle diferan politik, ekonomik ak santimantal ou genyen ak lòt moun. Moun ki pratike w rapòte yon ti fraz ou renmen di anpil I”‘ mwen pra I pete bouda entèl Yo toujou prezante w kòm yon moun ki pran plezi nan monte, souvan,fo dosye pou detwi pèsonalite moun ki pa gen menm konviksyon ak vizyon politik ak ou. Nan memwa resant mwen, gen yon seri ka ekzanplè ki kreye eskonbrit ( rapò masak Lasiri, afè Chelson Sanon e Lambert, afè Josué Pierre Louis, rapò sou Moise Jean Charles elatrye…), yon seri rapò kontwovèse. Ou gen yon mòd operatwa ki parèt sispèk: fè rapò akize moun kriminel, asasen jodi epi kèk tan apre moun sa se pi bon zanmi w. Sa k dwe fè sa? Eske w toutbon vre ou ta melanje defans dwa moun ak apatenans politik ou? Eske w toutbon vre w ap sèvi ak RNDDH pou regle konfli enterè ou genyen ak moun? Mwen chwazi ekri w jodi a paske m ap chèche eksplikasyon sou yon konpòtman rayisab ak malfezan tèt chaje mwen konstate w ap devlope e nouri kont mwen depi kèk tan. Entèvansyon w nan radyo, aksyon dirije òganizasyon w lan, enplikasyon w nan tante mete pawòl nan bouch moun pou w fabrike matyè kap ba w posiblite pou w monte fo rapò kont mwen, manipilasyon soubreka w amikwo pou denigre m nan fè manti e atake entegrite kòm fanm kap fè politik, se kèk nan prensipal rezon ki fè m ekri w jodi a.

Nan yon peyi kote gen vyolans tout kalte , vyolasyon dwa moun fè kenken, sa VIe di se pa travay ki manke pou yon òganizasyon dwa moun fè. Li ta mechan anpil si efektivman jan kek ka prezante l, pou w ta pran plezi nan melanje regleman kont ou ak moun e såvi ak öganizasyon ki rele RNDDH la pou w pésekite moun. Franchman mwen poko kwé ou ka rive nan dimansyon mechanste sa, byenke , anpil moun denonse abi ou fe yo deja. Mwen oze ba w benefis dout jiskaske w ede m konprann klå verite ki genyen nan atak ak pawöl tet chaje wap di sou mwen YO.

Apre m fin jwenn anpil apél moun Bélé ki aléte m sou yon fenomen kote w voye köwonp YO, nan ofri malere ak malerez ti köb pou få deklarasyon e Site non, mwen menm, Rosemila nan zafé batay, zafé finansman gang, nan zafé masak .

Franchman sanble ou depase limit nan mechanste w YO. Li twö fasil pou w kontinye ap kache déyé yon öganizasyon ki ta dwe gen misyon defans dwa moun pou w ap regle zafé politik, zafé enteré ak moun. Dapre ki lojik pou w pa vle moun gen opinyon politik kontré ak ou? Dapré ki lojik ou pa dakö moun di w non ? Se tris pou anpil moun kontribye nan kreye yon mons tankou w. Mwen finalman konprann pou kote w soti, fös atraksyon parachit la twöp pou ou, li baw vétij, ou pa kapab ofri Peyi a mye.

M ap souliye pou ou, Pierre Espérance, mwen menm Rosemila Saint-Vil Petit-Frére, pyés moun pa ka lye m ak zak bandi ak kesyon finansman gang. Mwen twö kwé nan pwogré, nan byennét pou m ta monte chodyé politik mwen sou dife gang. E ou konn sa.

Men Peyi a piti, tout moun konn tout moun nan peyi a. Éske w te konn envite m ni we m nan mete kanpe Fantöm 509 sou pye? NON. Éske w te konn we m nan zafé prete zam nan men bandi ? NON. Éske se non m ki Site nan asasina Netty ak Diego Charles? NON. Eske w fe rapå sou dosye Fantöm 509 la déjå? Ou p ap janm få l. Eske w få rapö sou asasinay Netty ak Diego a déjå ? Ou p ap janm fé l. Eske w få rapö sou sa w te di ak sitwayen ki nan prizon an kew te pale ak li, nan lannwit asasina Jovenel Moise la deja? Ou p ap janm få l.

Mwen se yon demokrat. Mwen kwé se pep ki bay pouvwa. Mwen atache ak prensip « one man, one vote ». Se konsa m te pran pouvwa. Se dyalög ; se pa zam ki bay vrå pouvwa. Yon pouvwa ki pran ak zam, se zam k ap pran I nan men l. Yon pouvwa ki itilize zam pou pwoteje l; se zam k ap menase l. Epitou, nan fanmi m soti a chimen yo trase pou nou an paralél ak chimen kriminalite.Voye jounalis alye w, ki rete lakay ou, ki se soubreka w atake m p ap pase. Se pa mwen ki konn finanse gang, Finansé ak alye gang yo sanble pa twö Iwen ak ou köm zanmi w e alye politik ou.

Mwen o kouran de tout estraji malodoran w ap fö sou do m. Men, anyen p ap rive m paske m ak men m pwöp. Epitou, sa moun reyalize ak kout lang, ak manti pa ka dire. Siman ou gen fanmi. Köman w t ap santi pou pouvwa yon moun ap detwi YO, detwi pitit fi w ? Politik gen moralite ladan l. M pa kwé tout mwayen bon pou atenn objektif politik. Si mwayen an pouri, « fin » an ap bay lodé kanmenm.

Ala bon sa t ap bon si w ta sispann melanje dwazimen ak politik! Ala itil RNDDH t ap itil si w pa t yon aktè politik.

Si toutbon vre nou VIe peyi a chanje,sispann fabrike fo dosye, sispann detwi moun, sispann bay kout lang sou moun. Divèjans pa ka jistifye destriksyon moun. Pi gwo leson lavi politik aprann mwen: la roue politique tourne. Jodi a se mwen ki ap sipòte yon pouvwa. Demen se ka ou. Apa w t ap sipòte pouvwa Privert a alòske m te nan opozisyon avè l. Apa minis Afè Etranjè e Premye minis a, i, Claude Jospeh te konn ap jere w, Voye gwo kòb pou ou, e w rive posede gwo kay ak gwo tonton machin dènye modèl alòske m te nan Opozisyon ak pouvwa Jovenel la. Se sa yo ki anime lavi politik. Nan pouvwa jodi, nan opozisyon demen.

Mwen swete aprè w fin tande ak li lèt tou louvri sa a, pou w bay peyi a yon chans nan zafè pouri lavi moun. Pi move pratik moun ka itilize pou goumen ak yon moun li pran pou advèsè l, se fabrike manti sou li. Le mensonge rend esclave; la vérité libère.

Pierre Espérance, Se fason sa m chwazi pou m eseye touche konsyans ou kòm moun, Peyi a fatige ak mannigans move Iodè w yo.

Rosemila Petit-Frère ekri Pierre Espérance pou mande l eksplikasyon sou konpòtman malfezan li di l gen kont li

Dekouvri plis:

L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele “Ann Chante Kreyòl”

1 Comment

1 Comment

  1. Kledor

    20 mars 2023 at 6h54

    Et Pierre Esperance et Rosemila tius les 2 sont des pires variens.volia comment qu’on fait fait de la politique en Haiti; se met ensemble pour detruire un et de duvise apres avoir boucle leur reve. Pierre Esperance et Rosemila sont deux rejets sociaux seul un pays comme Haiti peut nourrit ces Energumenes.

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Justice

Léon Charles se défend et implique Pierre Espérance dans l’assassinat du Président Jovenel Moïse. Participant à l’émission Le Point sur Radio Télé Métropole le...

Politique

Dans un texte titré « L’inénarrabilité de Pierre Espérance défenseur des droits humains », le docteur en psychologie, Jean Willio Patrick Crispin, ancien conseiller...

Justice

Rockfeller Vincent constitue un obstacle à l’avancement de l’enquête relative à l’assassinat de Jovenel Moise estime Pierre Esperance du RNDDH Le Directeur exécutif du...

Actualités

Pierre Espérance condamne l’assassinat du Président Jovenel Moïse qui selon lui, n’est pas cadré à l’ordre démocratique. Le Directeur exécutif du Réseau National de...