Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sektè Demokratik la mande popilasyon an kanpe bò kote polisye yo

Sektè Demokratik la mande popilasyon an kanpe bò kote polisye yo

Sektè Demokratik la mande popilasyon an kanpe bò kote polisye yo jouk yo rive jwenn kadav ajan bandi yo te asasinen Vilaj dedye yo.

Nan yon nòt pou laprès ki soti jodi 17 mas la, Sektè Demokratik Popilè a renouvle sipò l bay Polisye yo, sitou sila ki daprè li, ap travay nan move kondisyon pou bay pèp la timoso sekirite. Nan dokiman sa a ki pote siyati ansye senatè Ricard Pierre, Anthonio Cheramy ak Nenel Cassy; ansyen majistra Rony Colin, mèt André Michel ak ansyen minis Marjory Michel, Sektè Demokratik ak Popilè a di l kondane konpòtman Direktè jeneral Lapolis la, Léon Charles ki daprè estrikti sa a, mete ajenou nan pye Bandi yo pou Lapolis te ka rejwenn cha blende Bandi yo te kenbe a.

Pou Sektè Demokratik ak Popilè a, se yon demach lawont lè yo konsidere Kadav Polisye yo Asaninen yo nan Vilaj la toujou nan men bandi yo ki daprè SDP a, fè gwo alyansay ak rejim PHTK nan lide pou l kapab kenbe Pouvwa a sou San pèp la nan Kontinye vyole Konstitisyon ak lwa peyi a.

« Sektè Demokratik e Popilè a Mande Popilasyon an nan 4 kwen peyi a Mobilize, kanpe ak Polisye Nou yo jouk Nou rive Jwenn kadav polisye yo pou fanmi yo ka antere yo nan diyite »,pandan l raple Léon Charles ak Jovenel Moise se 2 prensipal responsab Sak pase nan vilaj dedye a paske daprè li, G9 Babekyou ap dirije a se Jovenel Moïse, Michel Martelly ak Tout mesyedam PHTK yo Ki kreye li.

Pandan l kondane yon lòt fwa ankó Zak asasinay Ki te fèt nan vilaj dedye sou 5 jèn Polisye jou ki te vandredi 12 Mas la, Sektè Demokratik e Popilè fè konnen »Toutotan PHTK sou Pouvwa a, Bandi ap Kontinye taye Banda, Polisye ak pèp la ap Kontinye Viktim ».

Dekouvri plis:

Kapital ayisyèn lan leve sou tansyon

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

La Police Nationale d’Haïti démantèle un réseau présumé de trafic d’armes, avec des liens vers une figure recherchée, Ti Nana. La Police Nationale d’Haïti...

Actualités

Des armes et munitions saisies par la Police dans la localité de Trianon, commune de Mirebalais. Dans une note, la Police Nationale d’Haïti (PNH)...

Sécurité

Kenscoff: affrontements entre les forces de l’ordre et des individus lourdement armés. La commune de Kenscoff, située dans le département de l’Ouest, est ce...

Actualités

John Michel, alias « John Popo », figure redoutée du gang de Pont-Blanc, a été capturé par la POLIFRONT à Ouanaminthe, marquant un nouveau...