Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Kapital ayisyèn lan leve sou tansyon

Kapital ayisyèn lan leve sou tansyon
Photo : Ody Bien-Eugène | Juno7

Plizyè kote nan kapital ayisyèn lan leve sou tansyon mèkredi maten 17 mas 2021 an, kote kawotchou ap boule, Plizyè wout bloke ki rann sikilasyon machin paralize.

Tansyon sa vini touswit apre blennde lapolis fin rekipere anndan Vilaj De Dye yè swa kote anpil moun kritike konpòtman wo kòmandman an ki daprè yo bay enpòtans ak yon blennde ke kò polisye yo ki anndan Vilaj apre yo te fin tonbe nan kad afwontman ak bandi 12 mas pase a.

Geral Batay sitiyasyon an pa bon kote anpil kawotchou ap boule, machin pa pase. Nan nivo Kafou Ayewopò yon bis jòn kwaze nan lari a epi bloke sikilasyon an.

Anpil kote sikilasyon an sanse paralize. Sou Dèlma nan nivo 29, 32 ak 60 sitiyasyon an pa bon nan moman nou t ap ekri atik la.

Yon gwoup nèg sou moto ki reklame tèt yo Gwoup Fantom 509 t ap sikile nan lari a sitou sou Dèlma a epi tire an lè pandan defilman an.

Sitiyasyon sa kreye panik lakay kèk paran ki te getan kouri ale chache pitit yo lekòl.

Jiskounya lari a yon ti jan timid anpil kote. Anpil moun kanpe bò lari epi ap kesyone si sitiyasyon an p ap anpire diran jounen an.

Dekouvri plis:

Météo Haïti: les prévisions pour ce Mercredi 17 Mars 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu