Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Seleksyon nasyonal la jwenn kalifikasyon l pou Gold Cup la

Seleksyon nasyonal la jwenn kalifikasyon l pou Gold Cup la

Gras ak viktwa 4 a 1 sou ekip Bèmid lan, Seleksyon nasyonal la kalifye pou patisipe nan faz final Gold Cup la.

Gras ak 3 gòl Frantzy Pierrot make nan premye mitan epi yon gòl sou penalite pa Duckens Nazon, grenadye yo kalifye pou ale patisipe nan edisyon Gold Cup la.

Yon match byen metrize, ekip ayisyèn lan pa t gen twòp difikilte pou ranpòte match sila, malgre rediksyon eskò ekip Bèmid lan.

Gras ak Viktwa sa, ekip ayisyèn lan ap gen pou jwe premye match li dimanch kont ekip amerikèn lan ki se favori pou ranpòte konpetisyon sa.

Grenadye yo gen pou jwe tou nan gwoup yo a ak ekip Kanada a ki sot elimine nou dènyeman la nan faz eliminatwa pou mondyal 2022 nan peyi Kata.

Dènye patisipasyon ekip ayisyèn nan anndan yon Gold Cup, li te arive jis nan demi final an 2019 apre bèl viktwa l sou Kostarika, Kanada epi pèdi nan pwolongasyon kont Meksik.

Byen avan match Bèmid lan, Ayiti te jwe ak Sen Vensan, li te bat li 6-1.

Seleksyon nasyonal la jwenn kalifikasyon l pou Gold Cup la

Dekouvri plis:

l’Hôpital Communautaire de Référence d’Arcachon 32 dénonce l’assassinat de l’infirmière FILS-AIME

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sports

Barrages de la Gold Cup féminine: Nérilia Mondésir rate un pénalty, la sélection nationale haïtienne éliminée après sa défaite face au Porto-Rico (1-0). Le...

Aktyalite AN KREYÒL

Duckens Nazon espere na va jwenn solisyon ak kriz la nan lide pou ekip nasyonal yo rekòmanse jwe nan peyi a. Foutbòlè ayisyen an,...

Sports

Gold Cup 2023: l’équipe haïtienne s’incline face au Honduras 1-2 et quitte la compétition dès le premier tour. L’équipe nationale masculine haïtienne est éliminée...

Sports

“On attend le Honduras, c’est une finale et on peut la gagner”, déclare le sélectionneur de l’équipe haïtienne de football. L’équipe nationale masculine haïtienne...