Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Tout sa medam yo dwe konnen sou maladi andometriyoz

Tout sa medam yo dwe konnen sou maladi andometriyoz

28 mas se ap jounen mondyal kont maladi andometriyoz. Maladi sa se yon maladi kwonik, konplèks ki trè kouran, daprè sa Nittgee Salomon ak 2 lòt kòlèg li te eksplike nou nan yon long konvèsasyon yo te gen ak redaksyon Juno7.

Si anpil fwa medam yo konn souvan santi gwo doulè vant lè yo pral gen règ yo oubyen pandan règ yo, li konn lye anpil fwa ak maladi sa ke anpil moun pa vrèman gen konesans de li.

Maladi sa manifeste divès fason kay medam yo, anviwon 2 fanm sou 10 fè maladi sa san yo pa konnen.

Maladi andometriyoz la devlope akoz eleman ki ta sipoze anndan matris la twouve l deyò matris la. Gon kouch ki tache sou matris la ki rele andomèt, chak lè fi a gen règ li andomèt la vin epè, si pa rive gen gwosès, yon pati nan andomèt la ale nan reg la.
Si selil nan andomet la devlope deyò matris la, se sa ki rele andometriyoz la, selon Kerry Norbrun.

Maladi sa manifeste plizyè fason sa depann de fanm lan .
Pami sentom yo, li fè konnen fanm lan ka santi gwo doulè règ, emoraji lè fi a gen règ li, doulè lè fi a ap fè bagay, vomisman pandan règ la, doulè lè fi a ap ovile, doulè lè l ap twalèt, twoub nan imè, li koz fanm yo ge difikilte pou fe time oubyen paka fè pitit tou, daprè eksplikasyon Nittgee.

Si andometriyoz la bay doulè gen dèfwa li pa bay okenn sentom tou, fi a ka jis gen maladi a men pa gen okenn siy ki montre l li pa anfòm.
Kategori moun ki konsa yo, se lè yo ale kay doktè akoz yo pa ka fè pitit ki vin fè yo dekouvri yo fè maladi a.

Po ko gen tretman definitif pou maladi sa, se youn nan rezon anpil sansibilizasyon ap fèt atravè lemonn pou konbat maladi a. Se rezon anpil moun kap lite epi sansibilize moun kont maladi sa konseye moun ale wè doktè depi w santi youn nan sentom maladi a sitou doule règ ki frekan.

Maladi andometriyoz frape tout tip fanm ki fòme jis rive menm nan menopoz, pandan ke gen anpil fanm ki plis a risk pou gen maladi sa

“WI maladi sa touche pi souvan fanm ki gen règ depi lè ou fenk fòme rive lè w ka atenn menopoz ou. Yo menm jwenn ka nan menopoz tou. Fanm ki a risk yo se fi ki te gen règ bonè avan 12 an, fi ki pèdi anpil san nan moman règ, fi ki obèz, fi ki pa ko fè pitit, fi ki gen paran l ki soufri andometriyoz, fi ki renmen manje vyann wouj, fi ki gen anomali nan ògàn jenital yo”, daprè detay Kerry Norbrun etidyan finansan nan medsin.

An Ayiti, pa gen chif ki disponib pou di men kantite fanm k ap soufri ak andometriyoz paske pa gen sondaj ki fèt sou sa. Men, Nittgee Salomon fè konnen gen anpil fanm bò isit ki fè l si n ap konsidere fanm ki toujou ap plenyen ak doulè règ.

Kanpay sansibilizasyon kont maladi andometriyoz

Pou lite kont maladi andometriyoz la, yon ekip 3 moun ki gen Sylvie Jean Lavalle ki se yon konbatant de maladi ,ki ekri yon liv ki pale de istwa li ak maladi sa ki rele “En t’attendant ..mon combat contre l’endometriose “ , Nittgee Salomon Nozil ki angaje li depi me 2020 pou enfome kominote li sou tout sa ki gen sou fanmi ak Kerry Norbrun ki se yon etidyan finisan nan medsin, pran inisyativ pou fè yon kanpay sansibilizasyon kont maladi sa, kote depi koumansman mas la yo ap enfome piblik la a travè piblikasyon yo fè , videyo andirèk sou Facebook la avèk kèk jinekolog ,sikolog….

Epi pataje foto ak videyo ki gen mesaj sansibilizasyon ke yo resevwa de piblik la pami yo jounalis Michel Joseph, komedyèn Myria Charles ,Atis Anie Alerte kap alète moun sou maladi sa.

28 mas ki se jounen mondyal la y ap gen yon live sou paj Facebook yo ak yon espesyalis epi 30 ap gen yon fòmasyon gratis nan lokal Cinémathèque la ki twouve li nan 95 aveni jean Paul 2 , Tijo a 11è nan maten.

Nittgee fè konnen feedback yo trè pozitif pandan kanpay sansibilizasyon an. Daprè sa l di, moun yo pran sa ak kè, poze anpil kesyon,yo pataje videyo yo ,live yo ,foto ki gen enfomasyon sou maladi sa pou sansibilize lòt moun. Kanpay sa fet sou paj Nittgee Salomon Mere Imparfaite et Fière, Sylvie Jean Lavalle epi Kerry Norbrun care

Rezilta ekip la ap atann se wè yo touche yon maksimòm moun epi tou pwofite voye mesaj pandan jounen mondyal kont maladi a ki pral rive a

“Rezilta n ap tann se wè nou touche yon maksimòm moun ki vin ka pale de maladi a parapò ak enfòmasyon nou bay yo. Medam k ap soufri ak maladi sa yo n ap di yo fòs, kouraj. Mwen kwè ke ak kri fanm toupatou nan lemonn syantis yo ap fini pa fè plis rechèch sou tretman maladi sa, sou kote li soti tou”.

Dekouvri plis:

Paralysie de l’appareil judiciaire: les associations de magistrats écrivent à la Cassation et l’OPC

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

D’après le Ministère de la Santé Publique et de la Population, 729 cas de dengue ont été enregistrés à Port-au-Prince. Le Ministère de la...

Santé

Programme de dépistage des cancers du sein et du col de l’utérus organisé par le Consulat Général d’Haïti à Santiago. À l’occasion de la...

Santé

Le navire-hôpital de la marine américaine USNS Comfort sera dans la ville de Jérémie du 13 au 15 décembre pour soigner la population. L’Ambassade...

Santé

Haïti et Taiwan signent une convention de partenariat dans le cadre de la lutte contre le choléra. La République d’Haïti, via le ministre de...