Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Vilaj Dedye: Sektè Demokratik Popilè a bay 6 rezon ki fè operasyon PNH la echwe

RNDDH , Des organisations de droits humains aux USA disent craindre un massacre à Village De Dieu

Nan yon nòt ki pote dat 12 mas 2021 epi ki siyen pa ansyen senatè Joseph Joël John, ansyen depite Ulrick St Cyr ak madam Marie Sheila Martiné, Sektè Demokratik Popilè a pa t rete endiferan pou eksprime sa l santi fas ak zak sa ki fè anpil moun endinye epi bay rezon ki fè operasyon sa pa byen pase pou lapolis la.

Nan koumansman nòt sa, manb sektè yo fè konnen yo touche nan fon kè yo apre sa k fin pase yo kote pou pi piti 3 polisye mouri, 8 blese epi machin blennde ak zam ki sezi pa bandi Vilaj Dedye yo.

Sektè Demokratik Popilè a te pwofite voye senpati l bay fanmi, zanmi ak frè dam polisye sa yo ki tonbe nan kondisyon ki revòlte konsyans chak grenn sitwayen responsab, selon sa ki ekri anndan nòt sa.

6 rezon selon Sektè a ki fè operasyon an echwe

Manb Sektè Demokratik Popilè a bay 6 rezon ki pou yo fè operasyon an echwe anndan vilaj. Daprè yo se paske se pouvwa a k ap founi bandi yo zam epi dezyèmman Jovenel Moïse bay bandi yo plis mwayen ke lapolis, daprè sa yo estime. Twazyèmman, nòt Sektè a fè konnen se bandi yo ki gen kontwòl ladwann pou fè zam ak minisyon pase. Katriyèm bagay yo soulve se pwente dwèt sou Jovenel Moïse, Martelly ak PHTK yo di ki bay bandi yo mwayen pou yo ka fè eleksyon nan vyolans pou Martelly ka tounen nan pouvwa a. Senkyèm bagay selon nòt sa se paske moral polisye yo pa bon, yo pa motive lè yo sonje se Jovenel ki chèf gang yo epi dènye rezon pou yo lapolis pa gen enfòmasyon pou konn sa k ap pase bò kote bandi yo pandan bandi yo toujou konnen sa lapolis vle fè.

Menm anndan nòt sa, Sektè Demokratik Popilè a kritike rejim PHTK a yo estime k ap montre ak popilasyon an kapatisite li genyen pou kraze peyi a, elimine enstitisyon, depatcha lavni jenès la, touye rèv pèp la…

Sektè a te pase pran tou wo kòmandman polis la yo kritike nan di l ap bay baryè lib ak pouvwa an plas la yo kalifye sanginè. Nòt la fè konnen gwo chèf nan PNH la pran opsyon sekirize zak mafya olye yo pwoteje ak sèvi popilasyon an ak polisye yo.

Dekouvri plis:

Opération à Village de Dieu: quatre policiers tués, Léon Charles dresse le bilan

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Lionnel Lazarre, ancien coordonnateur général du Synapoha, installé comme porte-parole adjoint de la PNH. Lionnel Lazarre a été officiellement installé ce jeudi 18 juillet...

Actualités

Le Premier ministre Garry Conille et le Conseiller présidentiel Louis Gérald Gilles ont visité l’Hôpital Général après que la PNH a repris le contrôle...

Actualités

La PNH déclare la fin de la récréation pour les gangs et reprend le contrôle de l’Hôpital Général. Lors d’une conférence de presse, le...

Actualités

Ce lundi 1er juillet 2024, des gangs armés commencent à la démolition du Commissariat de Gressier Les gangs armés continuent de poser des actes...