Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Yon gwo sware omaj te òganize nan memwa Marie Antoinette Duclaire ak Diego Charles

Yon gwo sware omaj te òganize nan memwa Marie Antoinette Duclaire ak Diego Charles
Crédit photo: Stanley Louis/ Gazette
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon gwo sware omaj te òganize nan memwa Marie Antoinette Duclaire tout moun konnen sou non Netty ak jounalis Diego Charles .

KOVIL ki se Kolektif Omaj Viktim Leta yo òganize yè samdi 31 jiyè a, nan restoran Yanvalou, avni N, yon gwo seremoni omaj pou militant Marie Antoinette Duclaire ak jounalis Diego Charles ki te tonbe anba bal nan Kriswa, ri Akasya, nan fen mwa jen an.

Nan jaden Yanvalou a ki te ranpli pou l krake, pa t gen kote pou pike zepeng. Zanmi, pwòch, zanmi laprès, kolaboratè te reyini pandan moman sa pou vin swiv omaj sa ke estrikti a pran inisyativ pou l te òganize.

Pou demare omaj sa, se atis Farah Joseph ki te louvri sware omaj sa lè l t ap entèprete im nasyonal peyi a an kreyòl. Vwa l te chame tout piblik la ki te kanpe pandan l t ap chante a.

Touswit apre Cisco ak Pawòl Tanbou te kreye animasyon nan woule tanbou kote yo t ap jwe tanbou epi bay bon son yo te chwazi pou sa pou woule nan sikonstans lan.

Yon gran sè Diego Charles ki pa t ka fè deplasman an te voye yon odyo. Nan son sa, li t ap eksplike pakou Diego, ki moun frè li a te ye epi jan li te renmen lavi.

Kèk moun ki te konn Marie Antoinette Duclaire oubyen te gen chans kolabore ak li, te pran lapawòl nan sikonstans lan pou di men kiyès moun ki te Netty a. Anpil nan yo dekri l kòm yon konbatant, yon moun ki pa t pè mouri an menm tan tou ki te renmen lavi ki t ap goumen pou chanjman ak byennèt lòt moun.

Yon gwoup medam ki te gen ladan l atis Tafa te bay yon prestasyon kote n te remake kèk moun tris epi dlo soti nan je anpil moun . Prestasyon sa te sanble ak yon sketch kote medam sa yo t ap eksprime tristès yo, kòlè yo pou katouch yo simen sou Netty.

Nan okazyon an, Tamara Suffren, BIC ak kèk lòt atis, yo chak te bay yon prestasyon epi chwazi mizik ki ale ak moman an pou te pèfòme.

Gen yon bagay ki te pase anndan aktivite sa kote kèk moun nan piblik la pa t dakò Leopold Bellanger ki se prezidan direktè jeneral Radyo Vizyon 2000 pran lapawòl. Yo te fè bri pou anpeche ansyen prezidan konsèy elektoral la pale. Yo poze aksyon sa paske yo estime Léopold Bellanger pou bokou nan kesyon rezilta eleksyon yo ki bay Jovenel Moïse pouvwa a , selon sa yo di.

Kolektif ki òganize omaj la kreye nan objektif ak misyon pou egzije ankèt fèt sou tout masak ak egzekisyon sible ki fèt nan peyi a nan tout katye popilè yo .

Yon gwo sware omaj te òganize nan memwa Marie Antoinette Duclaire ak Diego Charles

Crédit photo: Stanley Louis/ Gazette

Dekouvri plis:

Décès de Me Claudy Gassant: sa femme et trois autres personnes interpellées

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Société

Getting your Trinity Audio player ready... L’Association Haïtienne des Journalistes d’Investigation (AHJI) lance officiellement le « Prix Diego Charles du Journalisme d’Investigation » À...

Éphéméride

Getting your Trinity Audio player ready... Les éphémérides du jour: Les fêtes nationales, les événements importants … ce 29 juin 2022 l’agence Juno7 vous...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Yon gwoup vodouyizan òganize yon seremoni mistik nan espas kote Diego Charles ak Militant Marie Antoinette Duclaire te...

Nécrologie

Getting your Trinity Audio player ready... Fineray jounalis Diego Charles chante nan Jeremi maten an. Antèman jounalis Diego Charles chante jodi madi 13 jiyè...