Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon gwoup vodouyizan òganize yon “Bowoum” nan espas kote Diego ak Netty te mouri a

Yon gwoup vodouyizan òganize yon "Bowoum" nan espas kote Diego ak Netty te mouri a

Yon gwoup vodouyizan òganize yon seremoni mistik nan espas kote Diego Charles ak Militant Marie Antoinette Duclaire te mouri a.

Yon gwoup vodouyizan melanje ak moun nan opozisyon an te reyini jodi mèkredi 28 jiyè 2021 an, nan Kriswa, ri Akasya, kote yon seremoni vodou te fèt nan moman an pou viktim Dèlma 32 yo ak militant Marie Antoinette Duclaire epi jounalis Diego Charles.

Aktivite sa fèt nan yon dat ki make 106 lane depi ameriken te debake sou teritwa papa Desalin lan yon 28 jiyè 1915 pou te vin okipe nou. Nan sans sa, kèk manb nan sektè demokratik la ak òganizasyon popilè te pwofite denonse enjerans blan ameriken yo.

André Michel ki te prezan nan okazyon an te denonse enjerans blan an nan sa k gen pou wè ak politik ayisyèn lan epi mande jistis pou tout moun li di ki viktim pandan 10 lane rejim PHTK a.

Advertisement. Scroll to continue reading.

Daprè kèk moun ki t ap obsève seremoni sa, se yon “Bowoum” vodouyizan yo bat, ki se yon sòt seremoni adye, yon chan finèb nan milye vodou a.

N ap raple w jounalis Diego Charles ak militant Marie Antoinette Duclaire mouri nan lannuit 29 pou louvri 30 jen. Fineray Diego Charles te chante nan Jeremi epi li antere Mafran. Antoinette Duclaire antere nan vil Chantal.

Yon gwoup vodouyizan òganize yon "Bowoum" nan espas kote Diego ak Netty te mouri a

Dekouvri plis:

Ariel Henry présente la vision globale et les priorités de son gouvernement pour la période intérimaire

Advertisement. Scroll to continue reading.
Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Société

 L’Association Haïtienne des Journalistes d’Investigation (AHJI) lance officiellement le « Prix Diego Charles du Journalisme d’Investigation » À l’occasion du premier anniversaire de l’assassinat...

Éphéméride

 Les éphémérides du jour: Les fêtes nationales, les événements importants … ce 29 juin 2022 l’agence Juno7 vous apporte un rafraîchissement de la mémoire....

Actualités

 Yon gwo sware omaj te òganize nan memwa Marie Antoinette Duclaire tout moun konnen sou non Netty ak jounalis Diego Charles . KOVIL ki...

Nécrologie

 Fineray jounalis Diego Charles chante nan Jeremi maten an. Antèman jounalis Diego Charles chante jodi madi 13 jiyè a nan legliz “Médaille Miraculeuse”, nan...