Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon pastè debake nan yon bal Harmonik, li di se Bondye ki voye l

Yon pastè debake nan yon bal Harmonik, li di se Bondye ki voye l

Pastè Vilner Eugène ale nan bal Harmonik pou premye fwa nan vi l. Li fè konnen se Bondye ki voye l nan espas sa.

Pastè Vilner Eugène ki gen 54 lane te deside vin pran plezi li pou premye fwa nan yon bal ki t ap fèt week-end lan. Gwoup ki t ap jwe a se te Harmonik. Pastè a pa t kache kontantman li nan mikwo Guy Wewe pou premye fwa li resi vin nan yon bal.

“M vini la se pou premye fwa. M leve nan yon fanmi kretyèn, paran m pa t jan m ban m chans pou m t al nan bal. Si mwen te gen malè m al nan bal yo t ap mete m deyò nan kay la”, deklarasyon pastè a ki t ap pale ak yon souri melanje ak lajwa.

Pi lwen nan entèvansyon li yo, li fè konnen li vin nan bal la se paske li remake gen yon mit kèk legliz ap preche moun depi w vin nan bal ou pral nan lanfè. <<Moun vle moun vin legliz men nou menm kòm pastè nou pa janm soti deyò nou kritike moun yo ki nan bal yo pral nan lanfè. M ap vini mwen bezwen konnen kote yo jwenn koze y a pral nan lanfè a>>.

Pastè a te kontinye pou di se Bondye ki rele l, ki voye l nan bal la pou vin preche moun yo. Li di misyon pa l se pa vin kritike moun yo men pito se vin di yo Bondye renmen yo. Li di li konnen gen moun ki pral kritike l men li di li pa kyè de kritik yo paske se travay pa l li vin fè.

Pastè Vilner Eugène te monte stage la bò kote mizisyen Harmonik yo, li te pran mikwo pou temwanye pande l te tou pwofite salye nouvo album gwoup la li di ki bèl anpil. Mizisyen yo te akonpaye l pandan l te fè kèk minit ap kreye animasyon.

N ap fè w konnen Vilner Eugène pastè depi 14 lane, li ap dirije yon legliz ki twouve l nan 8850 Nòdwès 22èm avni.

Yon pastè debake nan yon bal Harmonik, li di se Bondye ki voye l

Dekouvri plis:

L’IFDD finance 79 projets de jeune au service du développement durable

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

La justice dominicaine a condamné à 20 ans de prison le dénommé Jean Benoit Fils Léger alias Jean Ben, un « pasteur » de...