Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Yon sit-in òganize devan ministè jistis jodi madi a sou konjonkti aktyèl peyi a

Yon sit-in òganize devan ministè jistis jodi madi a sou konjonkti aktyèl peyi a

Plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la tankou Action Sociale pour Delmas Changé, Fòs Dèlma, Aksyon Jenès pou Demokrasi (AJD) ansanm ak Koperasyon Jèn Aktif pou Devlopman ak Avansman Mas yo (COJARAM) òganize jodi madi 29 jen 2021 an, devan ministè jistis, yon sit-in pou di non ak konjonkti aktyèl peyi a ap fè fas kote ensekirite, grangou, koripsyon kontinye ap taye banda.

Repòtè Juno7 te konstate plizyè dizèn sitwayen ki soti nan divès katye popilè anndan kapital la te reponn prezan nan sit-in sa kote bann rara te akonpaye pwotestatè yo nan mobilizasyon sa douvan lokal ministè a.

Pankat kenbe nan men, kach nen nan figi kèk, kèk pwotestatè te pwofite nan mikwo jounalis lage fistrasyon yo epi krache kòlè yo kont pouvwa an plas la yo estime ki se otè ensekirite ki gen anndan peyi a.

Se te yon moman tou pou sitwayen yo mande kote lajan petwokaribe a fè epi fè konnen batay la fenk kòmanse pou egzije lajistis fè limyè sou dosye sa.

Fas ak sa k ap pase Matisan, Bèlè ak ba Dèlma, moun yo deplore sa k ap pase yo kote anpil sitwayen oblije kite lakay yo akoz lwa nèg ak zam ap enpoze nan zòn sa yo ki kreye laperèz lakay anpil moun.

Yon dam ki te vin kore mouvman an mande pou jistis fèt moun Lasalin, Bèlè ki pèdi lavi yo nan masak nèg ame fè nan zòn sa yo.

Prezans yon patwouy ajan CIMO te remake devan rantre baryè ministè a yon fason pou pwoteje espas la ak evite derapaj.

Bagay yo ta pral mangonmen kote fòs lòd yo te fè izaj gaz pou repouse gwoup moun yo ki te an kòlè. Anpil gaz te bay, pou riposte gwoup moun yo te voye wòch. Sa ki te kreye panik nan nivo Kafou Tifou, Avni Charles Sumner, Avni Christophe. Nan moman nou t ap ekri atik la, sit-in lan te kraze devan ministè a.

https://www.juno7.ht/yon-sit-in-oganize-devan-ministe-jistis-jodi-madi-a/

 

Dekouvri plis:

Zanbi: Yon jounalis mande direksyon tele a peye l pandan l ap prezante yon jounal an dirèk

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Assassinat du Docteur Laurent Beaugé : un ancien Secrétaire d’État victime de l’insécurité à Delmas 31 Haïti continue de sombrer dans la violence avec...

Actualités

Le Ministère de la Justice met en place une structure de suivi pour les journalistes, policiers et familles affectés par les événements du 24...

Actualités

Crise sécuritaire : Haïti nécessite des investissements d’environ 1,34 milliard de dollars entre 2024 et 2026 pour sa relance Le rapport de l’Évaluation Rapide...

Actualités

Une démarche de soutien et d’engagement pour renforcer la lutte contre la violence armée en Haïti. Le Ministre de la Justice et de la...