Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Zen Carel ak Roberto: Ti Joe Zénny mande nèg yo sispann epi bay kèk konsèy ak Roberto

Zen Carel ak Roberto: Ti Joe Zénny mande nèg yo sispann epi bay kèk konsèy ak Roberto
Getting your Trinity Audio player ready...

Zen Carel ak Roberto: Ti Joe Zénny mande nèg yo sispann epi bay kèk konsèy ak Roberto.

Depi yè dimanch 9 janvye 2022 a, zen move gou Carel ak Roberto gaye sou rezo sosyal yo kote anpil pawòl pale, anpil vye mo di akoz koze album nèg gwoup T-Vice yo ta estime Carel Pèdre ap bòykote depi kèk mwa nan twit l ap fè. Pou eseye kalme bagay yo menm jan kèk moun eseye fè sa, atis Ti Joe Zénny atravè yon videyo sou kont Facebook li mande ak 2 nèg yo kanpe sou diskisyon sa yo epi konseye ak Roberto metòd li ta dwe itilize pou avanse ak jazz li.

Nan videyo sa, chantè gwoup Kreyòl La te koumanse pou l raple jan album gwoup li a pa t jwenn sipò vrèman bò kote animatè pandan li fè konnen gen plizyè mizik ki te hit, ki t ap mache sou album sa. “M gen se domaj, m gen Mwen poko jwenn li, m gen Ça viendra, M gen peye m. Men guys atis pase yo souflete album lan, animatè pa menm pale de sa, apa kèlke blogè ki ede m à kèk grenn animatè”.

Malgre sa yo Ti Joe Zénny fè konnen li pa t janm plenyen, li pa jije yo t ap bòykote ni montre okenn siy feblès selon sa l di.

Rapèl sa Ti Joe Zénny fè an se pou montre tou moun pa dwe konte sou moun, ou dwe jwenn bon fòmil ak bon metòd pou soti tèt ou, pou fè yo aksepte w. Se pou sa li te pwofite konseye Roberto sou aspè sa.

“Jodia bagay yo chanje, entènèt lan la pou tout moun. Se imajinasyon w pou w fè travay pou travay ou menm. Pa konte sou moun, m bouke di atis sa. Okontrè se rann rezo w puisan, ranfòse paj IG ou, ranfòse paj YouTube ou, ranfòse paj Facebook ou, antre nan Tiktok pwomot afè nou. Pa konte sou moun, pa gen pèsòn moun ki pa nan klan”.

Ti Joe Zénny mande pou pwovokasyon yo sispann, pou moun sispann mete animatè kont mizisyen oubyen mizisyen kont animatè. Pou l fini li mande 2 nèg yo kanpe sou sa k ap fèt la paske l lèd pou sektè a.

Kisa ki pwovoke joure sa yè sou rezo a?

Zen sa demare yè aprè yon twit Carel Pèdre te fè ki di: “lajan djaz la boule mal nan pwomosyon. Pa gen rezilta”. Nèg T-Vice yo an patikilye Roberto te estime se avèk yo animatè a ap pale sitou te deja gen yon antesedan sou koze album Majestic la. Roberto ta pral twit pou l di: “Lach..Vòlè..Sousou..Mandyan… Gason makomè toujou pale an parabòl”.

Se la tou zen an te koumanse ap pran chè, screnshot koumanse ap fèt, pèp Twitter anvayi, obsèvatè kouri vini. Carel koumanse ap fè lòt twit menm jan Roberto ak Reynaldo ap fè twit pa yo tou.

Carel Pèdre te òganize yon Space touswit aprè pou jistifye twit li a epi estime nèg yo se ti kriye pandan l fè konnen tou li pa gen anyen ak yo, twit la pa t pou yo. Nan Space sa, Stéphanie Douyon, TonyMix t ap eseye jwe wòl mediyatè pou wè si zen an te ka kanpe men se te an ven.

Roberto te pran IG li fè live epi di yon pakèt koze melanje ak mo gwosye epi deklare 2022 a se kanpe goumen l ye nan HMI la. Aprè live Roberto a, Carel te monte live pa l tou sou IG pou eseye pote klarifikasyon pandan l t ap fè rapèl sou kèk mesaj ki te pase. Li te pwofite ap takle nèg yo nan live sa nan kalifye yo ti bebe rechiya epi trete yo omofòb paske nèg yo nan pawòl yo rele l Carelita ak yon pakèt lòt vye mo.

Zen sa anpil moun pa sispann bay avi yo sou rezo sosyal yo depi menm yè pou jis jodia. Yon zen ki p ap pote plis pou mizik ayisyèn lan. Èske ap gen yon antant ant 2 moun yo? Repons lan ret nan men konsène yo.

Zen Carel ak Roberto: Ti Joe Zénny mande nèg yo sispann epi bay kèk konsèy ak Roberto

Dekouvri plis:

10 Janvier 1870: arrestation du président Sylvain Salnave

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Getting your Trinity Audio player ready... Covid-19: le chanteur Roberto Martino testé positif pour une troisième fois.  Le chanteur du groupe T-Vice, Roberto Martino...

People

Getting your Trinity Audio player ready... Si Carel Pedre pat animatè Radio, kisal tap ye? J’imagine comme le titre de cet article a piqué...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Assassinat de Évelyne Sincère: Carel Pedre suspend son émission “Carel in the Morning” et Rutshelle Guillaume annule ses...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... “Ne demandez pas ce que votre pays peut faire pour vous. Demandez ce vous pouvez faire pour votre...