Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

6 egzèsis fizik ki ka rann yon moun pèdi pwa

6 egzèsis fizik ki ka rann yon moun pèdi pwa
Getting your Trinity Audio player ready...

6 egzèsis fizik ki ka pèmèt yon moun pèdi pwa pi rapid.

Dènye ane sa yo ou jwenn anpil moun ki bay plis enpòtans ak koze egzèsis fizik, yon fason pou kapab pèdi pwa epi rete an fòm. Souvan, moun sa yo bezwen kase vant, jere seksi a oubyen kenbe kò a an fòm pou l byen miskle. Ki egzèsis ki yon jan efikas ki pa twò Konplike yon moun ta ka adopte pou pèmèt li pèdi pwa epi rete an fòm? Redaksyon Juno7 la, atravè rechèch li sou sit Mariefrance.fr soti ak 6 egzèsis li estime ki ka ede anpil moun.

1-Mache: Nou pa kwè li yon sekrè pou okenn moun si l tande yo di l yon moun ki renmen mache ap boule anpil kalori, l ap pèdi pwa. Pratik sa trè enpòtan pou yon moun ki vle demare ak egzèsis fizik k ap pèmèt li pèdi pwa. Kèk etid menm estime yon moun ki peze 70 kilo brile anviwon 160 kalori si l fè 30 minit ap mache sou yon rit ki evalye a 6,4km/h. Egzanp: Yon moun ka deside l ap soti bò Mè Boudon a pye epi rive bò Mè Lali tou prè zòn Kafou Tifou.

2-Kouri: kouri a diferan de mache a. Souvan nou konn kwaze moun sou wout nou ap kouri. Nan tèt nou, nou ka di èske moun sa yo se epav yo epav. Men, an reyalite kouri sa itil yo anpil epi ap pèmèt kò a rete an sante tou. Yon moun ki gen gwo vant ki ta estime sa nui l li ta dwe fè egzèsis sa paske etid fè konnen kouri boule grès viseral nosiv yo sa yo rele grès vant lan. Dayè li pa yon sekrè pou okenn moun si n ta tande twòp grès kapab pèmèt moun devlope maladi kè ak sik.

3-kouri sou bekàn: kous sou bekàn se yon lòt pratik ki ka ede yon moun boule anpe grès. Yon moun ki peze 70 kilo boule anviwon 260 kalori si l fè 30 minit ak kouri bekàn.

4-Egzèsis miskilasyon: chak ane k ap pase n ap remake Gym yo chache jèn gason menm jèn fi tou ki vin fè egzèsis miskilasyon, k ap pèmèt yo boule grès, devlope misk yo epi fè yo parèt bèl nan je moun yo. Fòm egzèsis sa yo trè enpòtan pou moun ki deside pratike l. Si n pa t konn sa, n ap enfòme w pou n di w yon moun ki peze 70 kilo boule 112 kalori si l fè 30 minit ap fè miskilasyon, ap bat fè jan nou renmen di l nan langaj kourant lan.
Egzèsis miskilasyon yo ogmante fòs moun lan, li favorize kwasans misk yo k ap fè moun lan gen gwo bibit, gwo pekto, bèl skwat, fesye medam yo ap anfòm tou.

5-Antrènman pa entèval: Se seri egzèsis ki pa mande twòp konplikasyon pou w fè l anndan lakay ou oubyen nan yon espas byen rilaks. Nan yon entèval 10 jiska 30 minit ou ka boule anpil kalori lè w ap fè egzèsis tankou abdomino, sote kòd, egzèsis skwat san materyèl elatriye.

6-Naje: Nou konnen sa ka parèt Konplike pou anpil moun ki pa gen pisin epi anpil moun ki pa konn naje tou men sa pa anpeche n ajoute l pou yon moun ki gen posiblite pisin epi ki konn naje.
Yon moun ki peze 70 kilo boule 233 kalori pandan 30 minit li fè ap naje. Nou ka remake moun ki fè natasyon yo, si n konn ap swiv JO yo, pa gwo ditou.
Yon moun ki peze 70 kilo boule 298 kalori si l ap naje sou do, si l ap fè bras li boule 372, si se naje papiyon an li boule 409, si se souplas 372 li boule.

Si yon moun deside ap fè egzèsis pou pèdi pwa, pou boule kalori, gen bagay li pa dwe ap konsome tou k ap ogmante grès la. Li vin tankou se kòve moun sa ap fè. Yon moun k ap fè egzèsis fizik pou pèdi pwa pa ka nan plede manje pòmdetè fri, bwè ji kole chak nan nuit, plede manje espageti tout lè, ap bwè gazez, ap manje bè ak fwomaj, renmen gato, pa ka pase l de babekyou. Li t ap preferab moun sa manje zaboka, bwokoli, chou, leti, konkonm, kawòt, mayi, pwason blan, bouyon legim oubyen potaj.

6 egzèsis fizik ki ka rann yon moun pèdi pwa

Dekouvri plis:

Le visa de Jean Charles Moïse annulé à cause de ses relations avec un dealer de drogue, selon Miami Herald

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu