Connect with us

Hi, what are you looking for?

Littérature

“L’avenir d’une jeunesse kidnappée”, yon liv mobilizasyon ak sansibilizasyon pou jenès la

"L'avenir d'une jeunesse kidnappée", yon liv mobilizasyon ak sansibilizasyon pou jenès la

Apre soti liv devlopman pèsonèl “7 secrets pour passer de zéro à héros”, Kenley Jean-Baptiste ki se yon jèn politològ epi jiris tou ap pare pou soti yon nouvo liv nan jou yo la k ap rele “L’avenir d’une jeunesse kidnappée”.

Nan ti pale ak otè a sou nouvo liv sa, konsène a fè konnen nouvo liv sa gen yon tandans powetik , anndan liv sa li chwazi fè tèt li pase kou yon ekriven angaje pou kapab pote yon mesaj motivasyon sitou pou jèn yo, selon sa li eksplike.

Anndan L’avenir d’une jeunesse kidnappée, Kenley Jean-Baptiste chache dekri reyalite sitou nan kontèks kote kidnapin lan vrèman anraje epi frape tout kalte kouch anndan sosyete a. Otè a sèvi ak koze kidnapin lan pou l pale de li sou plan mantal anndan liv la, yon fason pou l fè jèn yo kale je yo pou pa kite yo kidnape lespri yo, rèv yo, fòse yo fè sa yo pa vle ki daprè li pi rèd ke kidnapin kote endividi pran w epi mande fanmi w lajan.

Kidnapin Jean-Baptiste ap pale a se yon kidnapin lespri kote jenès la mare, li sou anpriz anpil moun epi li pa wè anyen pou li fè. Akoz kidnapin sa mesye Jean-Baptiste ap pale a, sa koz jèn yo ap viv nan yon lespri pòv, yo pa ka reve rèv yo, yo panse yo pa ka rive lwen.

Liv sa ki plis chita pou sansibilize ak mobilize jèn yo pou pa kite moun kidnape lespri yo, kontwole yo, ekri pa Kenley Jean-Baptiste paske daprè sa l di se sa l viv oubyen wè sa k ap pase a nan fè timoun pa ale lekòl, regle afè w, fè w pè, pandan ke laj ap monte ou pa regle anyen tèlman mantal ou kidnape.

Kenley Jean-Baptiste kwè ke apre yon moun fin li liv sa l ap tire kòm leson yo kidnape lespri w, kidnapin ki fè w pa wè avni avèk je k ap reve, ou pa gen vizyon, selon eksplikasyon li.

Otè a atann ke jenès la pran konsyans de sitiyasyon an, de eta li epi aji. “Se pa li pou li, se pa pale pou pale men se li se pale pou aji”, deklare Kenley Jean-Baptiste.

Kenley Jean-Baptiste estime nou nan yon moman kote pou jenès la  dwe mobilize pou aji avèk sans responsablite ak enplikasyon paske selon li menm jenès la se lespwa jodia epi lidè demen.

Liv sa ap pare pou 27è edisyon “Liv an foli” ki gen pou fèt vityèlman. L ap gen pou l disponib tou nan Maison Henri Deschamps. Pri l ap ye nan Liv an foli se 750 goud.

Dekouvri plis:

“Que veulent-ils ?, finalement”, l’édito du RDNP qui annonce un sursaut collectif pour un renouveau

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Fondasyon Jean-Baptiste nan tèt kole ak komite filo Lise Alexandre Pétion òganize yon fowòm jenès nan oditoryòm lise a yè vandredi 21 me a...

Éducation

Nan yon konferans ki te òganize yè vandredi 14 me 2021 an, anba tèm “Jeune cultivez votre temps afin d’avoir un avenir meilleur”, elèv...