Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Biwo Swivi Akò 30 Dawout la te rankontre Ariel Henry sou koze kriz sosyopolitik la

Biwo Swivi Akò 30 Dawout la te rankontre Ariel Henry sou koze kriz sosyopolitik la

Biwo Swivi Akò 30 Dawout la te rankontre Premye Minis Ariel Henry sou koze kriz sosyopolitik.

Biwo Swivi Akò (BSA) 30 Dawout la te rankontre yè madi 26 oktòb la, Premye Minis Ariel Henry ki te envite estrikti sa nan yon chita pale, daprè sa yo di nan yon nòt pou laprès yo mete deyò.

Rankont sa selon BSA te plis dewoule sou kriz sosyopolitik k ap brase bil peyi a tankou ensekirite jeneralize, rate gaz la, bandi ak gwo zam ki pran kontwòl zòn estratejik yo epi ap enpoze lwa yo.

Nòt sa fè konnen tou moun ki te prezan nan rankont sa bay atansyon sou koze peyi a ki bloke epi rekonèt li dwe debloke, pou aktivite komèsyal yo reprann, pou lekòl fonksyone, ijans yon bon plan pou kwape kesyon ensekirite politik la, selon sa ki ekri nan nòt la.

Nòt BSA a kontinye pou l di Premye Minis lan ensiste sou kesyon pou l òganize eleksyon rapid vit epi regle kesyon konstitisyon an pou enstitisyon yo kapab rekanpe.

Delegasyon Biwo Swivi Akò 30 out la li menm sou bò pa l fè konnen ak PM lan nan kriz Leta a ye la, yo estime li fondamantal pou pouvwa tranzisyon an jwenn yon lejitimite bò kote sosyete a men se nan yon demach konsansis laj, si n kwè sa k ekri nan nòt sila a.

Si patisipan yo t ap fè pwopozisyon, nòt la presize PM lan pa t prezante okenn pwopozisyon konkrè pou yon dyalòg politik konsekan. Nan sans sa, BSA fè konnen y ap toujou kontinye pale ak Ariel Henry men yo mande l pou l fè yon pwopozisyon ki konkrè.

BSA pou konkli fè konnen nan nòt sa l ap kontinye mennen dyalòg menm jan li te koumanse sa.

Biwo Swivi Akò 30 Dawout la te rankontre Ariel Henry sou koze kriz sosyopolitik la

Dekouvri plis:

Les BROPOSCO invitent Ariel Henry à effectuer les changements nécessaires

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu