Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Boul nan grenn”, yon plezi pou kèk moun, men ki gen risk li

"Boul nan grenn", yon plezi pou kèk moun, men ki gen risk li

“Boul nan grenn”, se yon pratik kèk jèn gason fè nan pran plezi mete boul nan grenn yo yon fason pou fè sèks ak medam yo, sitou medam ki pran “feeling” nan sa.

Se nan sans sa, redaksyon jounal la nan travay teren li te mennen te arive pale ak Paul , yon jèn gason k ap viv ak boul nan grenn li, nou te pale tou ak Stéphanie yon jèn fi ki renmen fè sèks ak nèg ki gen boul nan grenn. Nou te arive rantre an kontak ak yon ayisyen k ap viv Brezil ki mete boul pou nèg nan grenn yo epi nou te rantre an kontak ak jèn etidyan nan medsin ki se Faïly Anderson Trazil ki espesyalize nan fè rechèch sou kesyon medsin prevantiv.

Lè ou met boul fanm pa ka pa renmen w, deklare Paul

An Ayiti, anpil moun toujou renmen di se nèg ki fè prizon ki renmen mete boul nan grenn, men an reyalite se pa vre si n ap refere n ak eksplikasyon Paul yo ki fè n konnen se yon fan m ki te pouse l mete bagay sa yo nan koulout li

“Frè m, sa k pouse m mete boul, yon fanm ki pouse m mete boul paske nèg li te gen avan m lan li te konn met boul frè m”, esplike Paul.

Paul gen 3 lane depi l ap viv ak boul nan grenn li daprè sa l di nou, jèn gason sa se ak yon santiman fyète li deklare fanm pa ka pa renmen gason ki konsa

“Lè ou met boul frè m fanm pa ka pa renmen w. Nan tout sans ou fè l reviv lòt sansasyon wi frè m”.

Si Paul deklare nèg ki konsa fè fanm reviv lòt sansasyon, Stéphanie ki gen eksperyans fè sèks ak nèg ki konsa fè konnen se pa tout ki dous

“Boul se yon bagay ki dous. Anpil filing. Fòk nèg la konn kony*** men se pa tout gason ki gen boul ki dous”, deklare jèn fanm sa ki te trè dirèk.

Stéphanie kòmanse renmen nèg ki gen boul depi janvye 2010 apre l te fin kwaze ak yon nèg ki te pote 9 boul nan grenn li. Pi lwen, jèn fanm sa ki pale tankou “badgirl” li pa nan “baby zuzu” kontinye pou l di nou apre relasyon ak nèg ki konsa bouboun li rete dous sèlman san l pa kache bouch bouboun li konn fè l mal lè l fè l ak nèg ki pa konn fè sèks

“Aprè relasyon, bouboun mwen rete tou dous sèlman se pran m ta pran l san rete. Men, lè m fè l ak nèg ki pa konn koupe yo fè li fè bouch bouboun mwen fè m mal”.

Paul deklare depi fanm nan konnen yon gason gen boul l ap toujou vle fè yon premye eksperyans pou wè ki sansasyon sa fè

“Paske depi fanm nan konnen ou gen boul l ap toujou gen yon entansyon frè m pou toujou vle fè sèks avè w pou l goute si l potko goute l”.

Si Paul fè konnen gen medam se efè a yo bezwen konnen ki fè yo tante dèfwa kouche ak yon nèg ki gen boul nan grenn, Stéphanie avèti seri medam sa yo pou l di yo se pa tout nèg ki pote boul ki konn koupe oubyen dous

“Se pa tout nèg ki gen boul ki dous. Ou gen dwa gen boul ou pa konn koupe, ou gen dwa pa gen boul ou dous pase sa k met boul la. Konsa ou gen dwa gen boul ou dous pase sa k pa genyen an”.

Boul nan grenn se yon biznis tou

Si jèn gason ak jèn fanm pran boul nan grenn pou plezi gen moun se biznis yo fè l tounen. Lojikman, pou yon gason pote boul se swa se li menm ki mete l pou kò l oubyen li bay mete l pou li.

Nou poko janm ap pase yon kote nou wè pankat ki ekri “yo mete boul isi a nan grenn gason”, men li fèt nan vil la pa twò sou je. Marc se youn nan moun ki espesyalize nan mete boul pou gason. Sitwayen sa te konn fè pratik la depi Ayiti, pou kounya l ap viv Brezil, li toujou mete

“Mwen mete pou brezilyen epi pou ayisyen. Pandan mwen vin la, m p ap ba w manti se li ki te ban m bwas”, eksplike Marc.

Marc mete boul pou nèg pou 150 reais ki se lajan brezilyen an. Sitwayen sa ki leve nan geto Dèlma 2 di l fè premye eksperyans mete boul nan grenn se pou yon patnè l, kote li te mete 4 pou li sèlman. Pandan l te tou pwofite bay sou konbyen mwa yon nèg ki fin met boul ka ale fè sèks

“Ou ka ale fè bagay apre 2 mwa, jis pou ligaman yo reprann plas yo”.

Marc di l gen plis ke 10 lane l ap met boul pou gason, li fè konnen li mete plis estrikti epi te pwofite bay kantite boul yon gason ka pote nan grenn li

“Mwen mete plis estrikti ladann. Tankou mwen fè preskripsyon pou enfeksyon entèn… Li ta dwe pran pou maksimòm 18 pou l pa fè twòp efè segondè paske tank boul yo jwenn espas pou evakye li pi bon”.

Gen risk enfeksyon

Dèfwa menm nan byen ou santi w jwenn plezi a gen yon efè negatif oubyen yon mal ki dèyè. Se ka gason k ap mete boul nan grenn. Nan ti pale ak Faïly Anderson Trazil, li fè konnen boul konn domaje irèt gason an, fè l pa ka pipi menm arive pa ka fè timoun

“Depi w mete l nan peni ou, li tou chanje fòm irèt lan. Sa pral koze pwoblèm pou w pipi. Ap vin rive yon moman se tòde w ap oblije tòde kò w pou w pipi tèlman sa ap vin koze gwo doulè. Pou ale pi lwen, sa kapab menm koz moun sa a vin pa ka fè timoun ankò”, deklare etidyan an medsin sa.

Mesye Anderson Trazil te kontinye pou l di boul yo se yon kò etranje, yo ka koze enfeksyon jis rive nan lanmò

“Se yon kò etranje moun lan pral foure nan peni li. Tout moun konnen klèman peni pa fèt pou resevwa kò etranje sa. Epi majorite moun yo se pa lopital yo mete l, se yo menm osinon yon zanmi yo ki fann peni yo pou mete l pou yo. Blesi sa kapab rankontre ak nenpòt mikwòb oubyen bakteri epi koze nenpòt enfeksyon. Yo kapab menm koze lanmò w paske apre yon sèten tan ou kapab pa ka retire l ankò”, eksplike jèn sa ki g on espesyalite nan fè rechèch sou koze medsin prevantiv.

Faïly Anders Trazil fè konnen koze enfeksyon an plis valab pou gason an ke fi a paske se gason an yo fann grenn li pou pote boul

“Pran yon enfeksyon nan mete boul nan peni plis valab pou gason an. Paske se gason an ki fann kòk li pou l mete boul la. Espas sa li fann, li kapab enfekte, oubyen boul yo ki anndan an kapab te genyen mikwòb oubyen bakteri sou yo epi vin devlope enfeksyon”.

Nan sans sa, Faïly envite mesye boul yo wè yon medsen pou kabap retire boul sa yo avan pita pi tris.

Non moun yo chanje sou demann yo. Sof non Faïly Anderson Trazil ki se bon non

Dekouvri plis :

Kidnapin: yon manb Fanmi Rubens Chery demanti pawòl ki fè kwè yo jwenn kadav li

Plus de contenu

Santé

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete...

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...