Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Aprè konbyen tan yon fanm ki fin akouche ka reprann aktivite seksyèl li?

Aprè konbyen tan yon fanm ki fin akouche ka reprann aktivite seksyèl li?

‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li?

Koze fè sèks aprè yon manman fin akouche konn mete paran yo nan bouch louvri, sitou bò papa a ki konn pa ka ret tann. Si gen fanm ki pa gen pwoblèm pou l reprann aktivite seksyèl li byen bonè, gen lòt ki estime yo dwe pran tan avan yo ale doudous kò yo. Kategori ki konn kite tan ap pase avan yo fè sèks konn pouse papa pitit la ale peche deyò pou satisfè dezi l. Nan yon echanj Juno7 te genyen ak doktè Kerry Norbrun, li te bay detay sou kantite semèn sa dwe pran pou yon manman ki fè kouch nòmal epi souliye tan sa dwe pran si se sezaryèn li fè.

“Aprè yon akouchman pa vwa nòmal, li konseye pou w tann 3 a 4 semèn pou reprann aktivite seksyèl ou. Men si fi an te chire, swa nan akouchman, swa yo te bal sizo, oubyen fè sezaryèn fò l tann anviwon 6 a 9 semèn pou reprann aktivite seksyèl li”, se konsa medsen an te reponn ak kesyon sa ki souvan mete manman ak papa nan bouch louvri.

Kerry Norbrun te souliye risk sa ka genyen lè fi an deside kouri ale fè sèks san li pa respekte kantite tan aprè akouchman an. Doktè a fè konnen gen risk pou gason an enfekte fi an pi rapid paske kòl la pako fin fèmen, jèm ka pase de vajen a matris la byen fasil.

Toutfwa, Kerry Norbrun raple aprè akouchman konn gen ti senyman ki konn dire 3 semèn jiska 2 mwa, gen koup ki deside tann senyman kanpe, genyen tou ki konn reprann aktivite seksyèl yo jiska 3 mwa.

Li fè konnen tou koze pa gen anvi oubyen anvi an diminye aprè yon akouchman egziste. Men li konseye pou sa jere ant 2 moun fòk yo tounen ak abitid yo tankou ti bo, ti sipriz, ti karès, bay moun nan tan w, dezi an ap tounen. Pandan l ajoute pou l di si aprè anpil tan dezi an toujou diminye moun lan dwe al wè yon seksyològ.

Aprè konbyen tan yon fanm ki fin akouche ka reprann aktivite seksyèl li?

Dekouvri plis:

Le Delimart de Delmas 32 rouvre ses portes ce vendredi 30 Juin

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm yo pandan y ap fè oubyen...

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat. Si koze ejakile sa nou rele nan langaj...

Société

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la...

An kreyòl

“Mòg, chanm kriminèl, Gòlgota”, non chanm jèn gason lè y ap resevwa medam yo pou fè sèks. Chanm gason se yon kay kote jèn...