Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Ki efè mastibasyon ka fè sou yon moun ki fè l souvan?

Ki efè mastibasyon ka fè sou yon moun ki fè l souvan?
Anton Estrada123RF
Getting your Trinity Audio player ready...

Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan?

Koze mastisbasyon sa nou rele souvan nan langaj kreyòl la “la ponyèt” anpil moun fè l sitou nan jenès yo. Etid menm revele pratik sa plis egziste lakay gason. Si sijè sa anpil fwa parèt Tabou men sa pa anpeche anpil moun rekonèt se yon pratik ki bay anpil moun plezi yo. Èske pratik sa gen domaj li ka fè sou bann moun? Èske li ka rann kòk yon gason vin piti? Ki sa k vrè ki sa k manti nan tout sa yo ap di sou koze mastibasyon lakay gason? Sikoseksològ fransè Karine Artaud ki te reponn plizyè kesyon sou sijè sa nan “Journal des Femmes” t ap eksplike.

Nou konn tande kèk fwa moun ap di depi yon gason chita nan plede bat laponyèt kòk li ka vin ratresi. Espesyalis lan ki t ap reponn kesyon sit lan fè konnen se pa vre menm kan moun lan ta deside bat laponyèt li valè fwa li ta vle. “Gwosè gigit lan pandan ereksyon vini avèk eksitasyon epi plezi. Sètadi plis vèj la rive nan yon nivo rijidite ki wo se plis l ap long”. Pou sikoseksològ lan pa gen okenn risk pou kòk yon gason vin piti oubyen ratresi paske l ap bat laponyèt.

Espesyalis sa te kontinye sou dosye sa kote li te pale sou koze espèm. Gen moun ki konn ap mande si bat laponyèt souvan kapab fè yon gason pa gen bon espèm oubyen dechay jan nou abitye rele l pa bò isit.

Karine Artaud fè konnen sa ka rive gason an pa gen bon kalite dechay, li vin dlo olye li pwès oubyen li pa an kantite nòmal. Rezon an se paske aprè yon gason fin ale nan relasyon oubyen mastibe tèt li, sa pran 3 jou pou dechay la konplè. Si nan entèval sa, gason an pran plezi nan mastibe souvan sa vin lakoz espèm oubyen dechay lan klè, gen mwens espèmatozoyid.

Pou sa ki gen pou wè ak koze ereksyon nou rele bann pa bò isit, mastibe souvan ka rann gason an mwens bande. Koze bann nou konnen mesye yo pa jwe ak sa sitou gen nèg ki pa negosye boutèy yo pou ka gen bon bann pou ale nan rara.

Lè sit la te mande sikoseksològ fransè Karine Artaud èske laponyèt nui bann moun, men kijan li te reponn. “Wi, lè nou rive nan mastibasyon konpilsiv la. Sa pral jwe sou kalite epi ap genyen mwens ereksyon”, daprè eksplikasyon li.

Toutfwa, sikoseksològ la rekonèt gen gason ki di l tout bagay anfòm malgre yo bat laponyèt yon fwa pa jou oubyen twa fwa pa semèn. Selon sa l di, gason sa yo pa plenyen pou pwoblèm bann yo pa genyen.

Yon bon mastibasyon ta dwe dire 15 minit daprè espesyalis lan. Li fè konnen yon gason ki gen tandans mastibe rapid epi voye rapid tou, li voye yon mesaj bay sèvo a ki tou ba l yon abitid fè ejakilasyon prekòs nan rapò seksyèl, se sa nou rele nan langaj nou “Bonjou pwèl”. “Sèvo se premye ògan seksyèl, nou ka debòde rapid si n pa fè atansyon”, yon fason pou l montre mesaj ou bay sèvo a li ap fini pa abitye ak li tou epi anrejistre yon chema konpòtman rapidite. Se rezon ki ka lakoz ou voye rapid.

Ki efè mastibasyon ka fè sou yon moun ki fè l souvan?

Anton Estrada123RF

Dekouvri plis:

Priorité à Haïti dans la stratégie décennale des USA pour prévenir les conflits et promouvoir la stabilité

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Getting your Trinity Audio player ready... ‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... République Dominicaine: un enseignant a écopé de trois mois de prison pour avoir masturbé devant des élèves à...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... 7 mai: journée internationale de la masturbation, un plaisir solitaire. La journée internationale de la masturbation est célébrée...