Connect with us

Hi, what are you looking for?

Santé

Yon gason ki ejakile 21 fwa pa mwa gen mwens risk pou fè kansè pwostat

Yon gason ki ejakile 21 fwa pa mwa gen mwens risk pou fè kansè pwostat
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon gason ki ejakile 21 fwa nan yon mwa gen mwens risk pou devlope kansè pwostat.

Si koze ejakile sa nou rele nan langaj kreyòl la “voye”  gen anpil plezi ladan l, lakay gason sitou lè yo ap fè sèks oubyen fè mastibasyon, koze sa gen gwo enpòtans li tou sou domèn sante yon gason, paske li redui risk pou yon moun fè kansè pwostat si moun sa gen abitid ejakile 21 fwa nan yon mwa, daprè sa kèk chèchè ameriken ki soti nan inivèsite Harvard ak Boston fè konnen nan yon etid yo te fè epi pibliye rechèch yo nan yon jounal  an 2016.

Chèchè sa yo te pran 18 lane pou fè etid sa pandan peryòd sa sou 32 000 gason yo te pran tan obsève. Etid sa ki te pibliye nan jounal European Urolojy an 2016, te konkli pou di gason ki gen yon to ejakilasyon ki wo ekspoze mwens ak kansè pwostat. Sa ki ta pral pouse syantifik ameriken sa yo etabli yon kantite ejakilasyon mesye yo dwe fè pa mwa ki se 21 fwa.

Selon chèchè sa yo, 21 fwa a redui risk kansè pwostat la a 33% paske sa ap pèmèt evakiyasyon toksin ki pa bon pou kò a, ki ka fè kansè devlope pi rapid.

Otorite sanitè nan peyi Grand Bretay te kore etid sa epi konseye sitwayen yo ejakile 13 jiska 21 fwa nan yon mwa pou evite koze kansè pwostat. “Gwo etid sa prezante jiskaprezan prèv solid sou wòl benefik ejakilasyon kont kansè pwostat”, deklarasyon yon chèchez ki rele Jennifer Rider ki se medsen nan lekòl sante piblik nan inivèsite Boston. 

Kèk chèchè nan inivèsite Montréal konkli pou di plis yon gason konnen seksyèlman fanm se mwens li gen risk pou devlope kansè pwostat. “Lè yon gason frekante plis pase 20 fanm nan vi l,risk pou l gen kansè pwostat redui a 28% (tout tip kansè) epi pou soufri ak yon tip kansè agresif diminye a 19% ak gason ki konnen yon sèl fi”, daprè detay etid inivèsite Montréal la ki te pibliye nan Revi medikal Cancer Epidemiology.

Yon gason ki ejakile 21 fwa pa mwa gen mwens risk pou fè kansè pwostat

En savoir plus:

La cryptomonnaie NEAR devrait lancer son propre stablecoin d’ici fin avril 2022

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Santé

Getting your Trinity Audio player ready... ‌Aprè konbyen semèn yon fanm ki fin akouche ta dwe reprann aktivite seksyèl li? Koze fè sèks aprè...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Doktè Kerry Norbrun ap eksplike ki sa ki «krèm bouboun» ki konn mete gason nan kont ak fanm...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... Ki efè mastibasyon ka genyen lakay gason ki gen abitid fè l souvan? Koze mastisbasyon sa nou rele...

An kreyòl

Getting your Trinity Audio player ready... “Mòg, chanm kriminèl, Gòlgota”, non chanm jèn gason lè y ap resevwa medam yo pou fè sèks. Chanm...